Nan yon lèt tou louvri ansyen Depite Mibalè a mete deyò dimanch 12 fevriye 2023 a, Abel Descolines adrese l ak sitwayen yo nan tout peyi Ayiti, sitou sitwayen nan plato santral. Li mande notab ak tout fòs viv yo pou angaje yo nan siyen yon petisyon pou mande ED’H retire blakawout li lage nan plato a, ki rann popilasyon an kolè depi plizyè semèn.

Depite a fè konnen nan lèt li a, petisyon sila vize denonse EDH ki rantre nan yon politik bòykotaj platosantral nan koze kouran an ki se prodwiksyon plato a. Li kontinye pou li di yo pral mande EDH pou pote yon amelyorasyon nan distribisyon kouran an nan komin Mibalè ak tout lòt komin Depatman an.

Ant 7 ak 8 tè de tan kouran chak jou pandan peryòd sechrès la se sa yo vle egzije EDH pou komin Mibalè ki genyen yon abitid kouran 24/24.

Depite a profite mete aksan sou kouran nan platosantral ki kontribye nan sekirite depatman an ki tounen yon veritab kafou pou transpò rès peyi a kote gang yo bloke sikilasyon an. Li profite atire atansyon sou komin Kwadèboukè, Kabarè, Vèrèt, Sodo ki pa twò lwen Mibalè kote gang yo deja enstale yo. Pou li se t ap vrèman malere pou gouvèman an ta kite gang yo pran kontwòl Depatman Sant kote transpò depatman Nò, Nòdès, Latibonit ak Repiblik Dominikèn toune sèlman sou Depatman sant ak wout nasyonal nimewo 3 a.

Depite Abel Descolines fini lèt la pou envite asosiyasyon jounalis ak media yo nan depatman an pou pran inisyativ petisyon sila jis pou evite yon rekiperasyon politik.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841