Seleksyon Senegalèz la sakre chanpyon pou Lafrik nan 7èm edisyon CHAN nan pou lane 2022-2023 a, aprè li fin bat Aljeri 5-4 nan tire penalite. N ap note, match la te fini 0-0 ant 2 seleksyon yo aprè yo te fin jwe 120 minit ak minit adisyonèl yo.

Samdi 4 fevriye a se jou gran final Chanpyona peyi Afriken yo (CHAN) pou ane 2022-2023 a. Yon gran final ki te trè anime, e ki te opoze seleksyon Senegal la fas ak Aljeri. Yon match trè teknik, trè fizik, brèf, yon final vrèman trè zentèresan.

Nan estad Nelson Mandela de Bakari, 2 seleksyon sa yo ki t ap tikè kòn yo, te rive fè tout match la, ki te dire 120 minit, plis pwlongasyon yo, san make menm yon (1) gòl. Sa ki jistifye ekip yo te vrèman a nivo.

Aprè 45 premye minit yo nan 1e mitan an, malgre Senegal t ap domine jwèt la, sa pa t anpeche okenn nan filè yo pa t tranble. Se te menm jan an pou 2èm mitan, kote okenn nan ekip yo pa t rive make yon gòl. Ki donk, ant 1e ak 2èm mitan an, 90 minit sa yo te pase blanch pou 2 kan yo.

Sa te pouse match la moute nan yon 3èm mitan ki te dire 15 minit ak minit adisyonèl, selon règ jwèt foutbòl la. La ankò, se te 0-0. Nan 4èm mitan an ki make dènye 1/4 dè ak fen match la, pa t gen gòl. Sa ki te voye ekip yo ale tou dwat nan tire penalite, ki te 5 pou chak ekip.

Senegal ki te choute avan, te rive transfòme 3 premye penal li yo an gòl epi rate 4è penal la. Poutan, Aljeri bò kote pa l te transfòme 4 premye penal li yo an gòl, men ki, malerezman, ta pral rate 5èm penal li a, ki se te okazyon pou li chanpyon.

Se konsa, Senegalè yo t a pran transfòme 2 lòt penal an gòl, nou vle pale de 5èm ak 6èm penal pa yo a, pandan Aljeri pral rate 6è penal li a, sa ki otomatikman bay Senegal dwa kalifye venkè 7e edisyon chanpyona sila.

N ap fè remake, se yon final Aljeri fin chanpyon, paske si toutfwa jwè foutbòl Aljeri a, Aimen Mahious, te transfòme penal li a, te Akeri ki t ap sakre chanpyon ak 5 gòl kont 4 pou Senegal.

N ap raple, Aimen Mahious ki rate penal la e ki lakòz seleksyon Aljeryèn nan pèdi koup la, se li menm ki te non sèlman make sèl grenn gòl Aljeri te fè nan kad match ouvèti chanpyona a fas ak seleksyon Libyèn nan, men tou se sèl grenn gòl ki te make nan match ki te louvri chanpyona a.

Finalman, (CAF) ki se Konfederasyon Foutbòl Afriken, ki se enstans ki chaje pou jere chanpyona sila a, reyalize yon trè bèl CHAN pou ane 2022-2023 a nan kontinan Afriken an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841