Nan lannwuit fèt Sen Valenten yo, Bayern Munchen genyen Paris Saint Germain 1-0 sou tèren lakay li . Aprè defèt saa, Paris pèdi nan 3 konpetisyon youn kole ak lòt li te angaje l pandan sezon saa. Olympique Marseille te te deja elimine l nan koup peyi la frans lan(2-1), 8 fevriye pase, nan okazyon 23èm jounen chanpyona a 11 fevriye, Monaco te bat li 3-1, epi jodi a NR(14 fevriye 2023) Bayern Munchen , Klèb rejyon bavyè a nan peyi Almay genyen l 1-0 avèk yon gòl ansyen jwè yo a Kingsley Coman.

Paris Saint Germain konnen premye defèt li lakay li nan Lig chanpyon an depi semi final li te jwe kont ekip Manchester City a, 28 avri 2021… Bayern Munchen bat li 1-0 madi 14 fevriye 2023 a gras ak yon gòl ansyen parizyen an, #Kingsley Coman.

Nan chanpyona fransè a, Paris toujou genyen 5 pwen an plis ekip ki vini aprè li a( Olympique Marseille ) men si lap adisyone defèt aprè chak match, pa gen anyen ki ratifye pou li chanpyon Lig 1 an sezon 2022-2023 a.

Klèb kapital la gentan pèdi 5 match depi lè ane 2023 a kòmanse, se yon ti kriz anndan ekip saa ki, depi lèl pran nesans reve ranpòte yon lig champyon. Poutan, nan lane 2020, se yon jwè ki fòme andan l ki te elimine yo nan final Konpetisyon saa, Jodia ankò se menm pitit kay saa ki bat yo, ki bay Klèb Bayèn lan yon opsyon pou ale jwe lòt faz lig dè chanpyon an.

Choumy Denizard, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841