Seleksyon Nasyonal Ayisyèn nan ak sipèsta entènasyonal Mibalezyèn nan, Melchie Dael Dumornay (Coventina), ekri listwa madi 21 fevriye 2023 a, lè yo bat seleksyon chilyèn nan 2-1 nan final baraj mondyal foutbòl medam yo ki pral fèt nan kontinan Oseyani an, nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann, sòti 20 jiyè pou rive 21 dawou 2023.

Tout fanatik Foutbòl nan peyi Ayiti wete chapo douvan medam Ayisyèn yo madi 21 fevriye a nan peyi Nouvèl Zelann, aprè yo te fin elimine seleksyon Chilyèn nan nan baraj, sou yon eskò 2-1 malgre atakan Klèb Montpellier a nan peyi la frans, Nerilia Mondesir, te manke yon penalite nan match la. Ayiti ki te jwenn asistans yon gwo Melchie, jwenn tikè pou premye fwa nan listwa l pou li ale patisipe nan faz final mondyal sila. Aprè kalifikasyon sa a, seleksyon Ayisyèn nan rejwenn li nan gwoup D a, bò kote seleksyon peyi Angletè, Dànmak ak Lachin.

Kaladriye seleksyon Ayisyèn nan prezante konsa nan mondyal la :

  1. Ayiti – Angletè (Estad Brismane) => 22 jiyè 2023
  2. Ayiti – Lachin (Estad Hindmars) => 28 jiyè 2023
  3. Ayiti – Dànmak (Estad Rectangular) => 1e dawout 2023.

Se tout sektè nan peyi a, anpil gwo pèsonalite Ayisyen kou letranje, atis, medya, senp sitwayen ki selebre viktwa majè sa a medam Ayisyèn yo fè peyi a kado. N ap note, pou Ayiti te fè eksplwa sila a, li te bat seleksyon Senegalèz la 4-0 epi li pase Chili 2-1.

Seleksyon medam yo ki envite Ayiti nan gwo fèt foutbòl sa a, ki pral fèt nan peyi Ostrali sòti 20 jiyè pou rive 20 dawout 2023 a, se yon gwo siy ki moutre nou la toujou kòm pèp, drapo nou an pral re_flote pi wo nan espas kontinan Oseyanik lan, avèk tout fyète nou merite. Pou anpil moun, seleksyon Nasyonal maskilen an kapab kopye sou goumandiz medam yo, e kontinye ede drapo Ayiti flote pi wo e pi lwen posib nan mond foutbòl la.

Choumy Denizard, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841