Tou suit aprè Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau te fin anonse nan somè frankofoni an k ap dewoule nan peyi Tinizi y ap genyen pou sanksyone yon ansyen Prezidan Ayiti ak 2 ansyen Premye Minis dimanch 20 novanm 2022 a, Sébastien Carrière ki se anbasadè Kanada an Ayiti konfime efektivman ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly ki te dirije peyi a soti 2011 pou rive 2016, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe (2012-2014) ak ansyen Premye Minis Jean Henry Céant (2018-2019). Yo reproche ansyen responsab sila yo kòm moun ki nan konivans ak gang Ayiti, blanchiman lajan ak lòt zak sal.

Selon tout enfòmasyon ki disponib yo, politisyen sila yo p ap genyen dwa pou mete pwent pye yo nan peyi Kanada, yo bloke kont labank yo ak sezi byen yo genyen Kanada.

PIBLISITE PEYE

Premye Minis Justin Trudeau fè konnen peyi li dispoze 8 milyon dola pou ede Ayiti fè fas ak kriz imanitè a, 5 milyon pou ede Ayiti batay kont koripsyon epi 3.5 milyon pou ede sistèm jidisyè a.

Minis zafè etranjè Ayiti a, Jean Victor Généus ki te chita kòt a kòt ak Premye Minis kanadyen an, deklare li konte sou sipò peyi Kanada ak rès manb kominote Entènasyonal la, pou ede Ayiti soti nan kriz l ap fè fas la, ki pa sispann toufe popilasyon Ayisyèn nan.

Minis zafè etranjè Kanada a Melanie Joly, bò kote pa l ki t ap patisipe nan konferans Frankofoni an tou nan peyi Tinizi, pran lapawòl pou mande peyi Ajantin, Meksik ak Wannda pou pote kole pou yo bay yon asistans teknik pou ede Ayiti kraze gang yo. Li kontinye pou l di y ap tann aktè Ayisyen yo twouve yon konsansis nasyonal pou rezoud kriz la.

Non Prezidan Joseph Michel Martelly, premye Minis Jean Henry Céant ak Laurent Salvador Lamothe vin fè lis politisyen Ayisyen ki sou sanksyon yo pi long. Selon yon sous pwòch jounal Centre à la UNE, nan jou k ap vini la yo ap gen yon lis men longè Nasyonzini ap soumèt ak tout peyi manb li yo, k ap genyen non gwo biznisman Ayiti ki gen anpil lajan ki pral kontinye lonje lis la ak plizyè lòt politisyen ankò.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841