Popilasyon Wanament lan nan Nòdès Ayiti bloke fwontyè Ayiti-Repiblik Dominikèn nan zòn Dajanbon lendi 21 novanm 2022 a, pou pwoteste kont fason gouvènman Dominiken an ap maltrete migran Ayisyen epi voye yo tounen.

Plizyè moun nan popilasyon an nan wanamèt te manifeste, depoze plizyè pankant ki te genyen anpil pawòl piman bouk kont prezidan Dominiken an, Luis Abinader sou pòt rantre Fwontyè a pou denonse konpòtman rasis gouvènman Dominiken an ap afiche kont Ayisyen nan Repiblik Dominikèn.

Protestatè yo fè konnen komès la plis profitab pou dominiken yo nan fè yo fè anpil lajan poutan yo san respè pou migran ayisyen y ap vyole dwa yo chak jou malgre Nasyonzini te mande gouvènman Dominiken an pou li te sispann maltrete ayisyen yo e prezidan Luis Abinader pa tande rezon.

Pandan tan sa, anbasad Amerikèn ki nan Repiblik Dominikèn lanse yon alèt ak tout Ameriken yo pou enfòme de sa k ap pase nan peyi Sendomeng kote yo imigasyon pa teni kont de nasyonalite moun yo, men yo plis baze sou koulè po yo.

N ap siyale, Ayisyen sibi anpil agresyon fizik ak moral, plis lòt abi nan moman depòtasyon yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841