Ministè defans Ayiti anonse y ap dyaloge ak peyi Brezil pou ta voye 400 sòlda Ayisyen pran fòmasyon nan peyi Brezil. Ministè a rann enfòmasyon sila piblik lendi 21 novanm 2022 a.

Selon sa Ministè defans Ayiti fè konnen pale sere sere y ap fè ak peyi Brezil ki se yon bon zanmi Ayiti, se jis pou jwenn èd pou voye fòme 400 sòlda ki te deja gradye, mete sou 150 ki te soti nan fòmasyon peyi Meksi yo pou yo ka espesyalize nan pilotaj dwo n ak tirè delit.

Minis defans Ayiti a Enold Joseph te tou profite okazyon an pou anonse yon kowòt de 400 sòlda ki pral gradye pa twò kontan.

N ap siyale Fòs lame peyi Ayiti a ki ap monte tipa tipa pa jwenn sipò gwo peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo tankou Lafrans, Kanada ak Etazini.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841