Depi kòmansman ane 2022 a, gouvèman dominiken an depòte an Ayiti anviwon 1 800 timoun san fanmi, san pyès idantite selon UNICEF, li enposib pou detekte si yo se Ayisyen ou byen si yo soti nan lòt peyi. Se sa CNN pibliye lendi 21 novanm 2022 a.

Plizyè fanmi rapòte anpil fwa imigrasyon dominiken pran yo nan lari yo pa jwenn chans rantre lakay yo pou ta menm pran ti bebe yo kite lakay yo. Yoana Kuzmova ki se yon chèchè nan yon inivèsite Dominiken rankonte li te rankontre ak yon dam ki di li pandan y ap depòte li, li te genyen yon ti bebe sou bra li e ajan imigrasyon yo te fèl konnen li p ap ka monte menm bis ak bebe a. Jis jounen jodi a li pa janm konnen kote pitit li a pase.

Nan lane 2013 kou konstitisyonèl nan Repiblik Dominikèn te estatye pou di tout paran ki san papye ki fè timoun sou tè Dominikani p ap ka benefisye sitwayènte Dominiken. Yon desizyon ki rann plizyè milye moun vin apatrid san lòt peyi pou yo viv.

Selon òganizasyon Group k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) genyen 14 801 moun Gouvènman Dominiken voye Ayiti sèlman pou mwa oktòb 2022 a, sa ki bay yon total 477 moun an mwayènm pa jou.

Pandan Gouvènman Dominiken an fè kwè se Ayisyen ki san papye li depòte Ayiti sa pa anpeche moun ki genyen tout papye lekal sibi menm sò ak moun ki ilegal yo nan pimpe yo tounen.

Anpil Ayisyen ki endiye de move tretman yo sitou nan Wanamèt Depatman Nòdès Ayiti te manifeste sou lidèchip plizyè òganizasyon, bloke fwotyè Dajabon nan, paralize mache binasyonal la pou fòse prezidan Dominiken an , Luis Abinader respekte dwa Ayisyen yo.

Fodner pierre Louis, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841