Diplomasi | Eklèsisman sanksyon kont politisyen malonèt, sipòtè gang ak dwòg dilè Ayisyen

Nan yon dokiman ki pibliye sou sit entènèt li madi 22 novanm 2022 a, gouvènman Kanadyen an bay eksplikasyon sou divès sanksyon yo enpoze sou plizyè politisyen Ayisyen, lidè dwòg ak gang k ap alimante kriz sekirite ak imanitè a an Ayiti.

Daprè dokiman sa a, sanksyon yo adopte nan twa kalite : jele byen yo, mete anbago sou zam yo ak entèdiksyon finansyè. Kanada aplike sanksyon yo dapre Lwa mezi ekonomik espesyal ki te antre anvigè nan dat 3 novanm 2022, ak Lwa Nasyonzini an ki li menm te vin anvigè 10 novanm.

An tèm entèdiksyon, règleman mezi ekonomik espesyal enpoze restriksyon sou nenpòt moun ki gen non li parèt sou lis ki etabli pou objektif sa a. Kidonk, nenpòt moun nan Kanada ak nenpòt Kanadyen aletranje entèdi:

  1. Fè yon tranzaksyon ki gen rapò ak pwopriyete, kèlkeswa kote li ye a, ki fè pati yon moun ki gen non ki parèt sou lis la oswa ki kenbe oswa kontwole pa li oswa nan non li.
  2. Bay sèvis finansye oswa sèvis ki gen rapò ak nenpòt tranzaksyon ki dekri pi wo a.
  3. Fè nenpòt machandiz, kèlkeswa kote yo ye, disponib pou yon moun ki gen non ki parèt sou lis la oswa yon moun ki aji nan non yo.
  4. Bay sèvis finansye oswa sèvis ki gen rapò ak oswa pou benefis yon moun ki nan lis la.

Konsènan restriksyon yo sou tranzaksyon yo ak Ayiti dapre Rezolisyon 2653 konsèy sekirite Nasyonzini an, yo enkli yon konjelasyon nan tout lajan, lòt byen finansye ak resous ekonomik ki sitiye nan Kanada epi ki posede oswa kontwole, dirèkteman oswa endirèkteman, pa nenpòt moun oswa antite, oswa pa nenpòt moun oswa antite ki aji sou non yo oswa sou direksyon yo, oswa pa antite ki posede oswa kontwole pa yo ansanm ak yon anbago zam.

Depi lè mezi sa yo te antre an vigè, Kanada te deja sanksyone yon douzèn moun ki fè pati swa nan elit politik Ayisyèn nan oswa nan gang kriminèl yo.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...