Etazini fè konnen yo bat bravo lakontantman pou peyi Kanada ki devlope lidèchip li pou fè entènasyonal la wè nesesite pou yo ede Ayiti. Depatman deta ameriken an di li sipòte mezi peyi Kanada pran pou sanksyone moun ki nan tete lang ak gang yo e ki nan koripsyon. Yo fè piblikasyon sila mèkredi 23 novanm 2022 a.

Brian Nochols pibliye sou kont twitè li, «nou sipòte patnè nou Kanada ki enpoze sanksyon ak moun k ap sipòte gang yo Ayiti. Etazini rete trè rekonesan anvè Kanada k ap ensite kominote entènasyonal la pou ede pèp Ayisyen an twouve yon bon wout pou yo sòti.

Anpil moun nan popilasyon ayisyèn nan bat gwo bravo lakontantman pou desizyon peyi Kanada pran pou sanksyone ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Céant.

Paralèlman ekonomis Tomas Lalime raple gang yo kòmanse pran jarèt Ayiti depi sou ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide lè li te egzije yon ansyen polisyè ki te rele rele Marie Christine Jeune pou bay lanmen ak yon chèf gang paske polisyè a te fè tèt rèd li pat aksepte sa, li ta pral asasinen yon ti tan aprè. Pou Tomas Lalime depi aprè evènman sila gang yo te vrèman kòmanse ranfòse nan peyi a.

Selon sa ajans nouvèl zoom Haiti News pibliye mèkredi 23 novanm 2022 a, tout moun ki genyen nasyonalite Amerikèn ke non yo site nan lis moun ki nan konivans ak gang yo ap genyen pou transfere nan depatman jistis Etazini pou suit nesesè, selon pòt pawòl depatman deta ameriken, ke yo site.

Selon radio tele metronome, lis moun ki sou sanksyon yo gen ladann anviwon 800 moun, ki sòti nan divès sektè ke Nasyonzini pral sòti.

Mèt Peguy Jean ki se jounalis, alafwa avoka pibliye sou kont twitè li maten jedi 24 novanm 2022 a, lis moun k ap sou sanksyon yo p ap sèlman genyen non moun ki nan sektè politik ak biznis men tou lap genyen jounalis ki nan tete lang ak gang yo.

N ap siyale prezidan Joseph Michel Martelly ki genyen non li site nan lis Kanada mete deyò k ap sipòte gang e ki nan blanchiman tou, ki te antre nan peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn madi 22 novanm 2022 a, rapid vit gentan retounen Miami ayè mèkredi 23 novanm 2022 nan yon avyon prive imatrikile; 1160 selon jounal Listin diario.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....