Yon gwoup bandi moun pa rive idantifye, krible ak katouch vandredi aprè midi 25 novanm 2022 a, kòmisè divizyonè Harington Rigaud, ki se Direktè akademi polis la. Gang yo tire responsab la douvan lekòl Majistrati a ki sou wout Frè a, nan Petyon vil, Ayiti.

Pòt pawòl polis nasyonal Ayiti a ki se enspektè Garry Derosier konfime nouvèl la pou plizyè ajans ki te kontakte li pa telefòn, yon lot kote pòt pawòl la fè konnen bandi yo ale ak machin enspektè a ki te genyen chofè l ladan l.

PIBLISITE PEYE

Yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre Direktè Rigaud k ap benyen nan san li.

Finalman, puiske de kad nan pi wo nivo sekirite peyi a ap viktim si fasilman anba men gang yo, se pou lòt sitwayen an ki pa gen rele, ni reponn sou plan sekiritè ? Èske sa ta vle di majorite Ayisyen se yon pil mo-vivan ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....