Poukisa yo toujou ap pale de yon dat konsa?
Se nan dat 25 Novanm 1960, sou lòd chèf leta a, Rafael Trujillo, yo asasinen 3 sè Mirabal yo Minova,Teresa ak Patrisia paske yo tap defann dwa yo pandan yo tap lite kont rejim bout di diktatè Trujillo.
Se nan lane 1981, Mouvman fanm yo nan karayib la te kòmanse fè lòbi kont abi sou fanm. Konsa, nan lane 1993 Nasyonzini pwopoze dat sa a kòm jounen entènasyonal lit kont vyolans sou Fanm ak tifi. Nan dat 19 oktòb 1999 pandan 54 ème konferans Nasyonzini yo te vi n adopte dat sa a,malgre sa li pat ofifyèl,Nan menm sans sa, 17 desanm 1999, Òganizasyon Nasyonzini, pran rezolisyon 48/104 la pou adopte ofisyèlman dat 25 novanm lan kòm jounen entènasyonal pou kwape vyolans sou fanm ak tifi.
Rezolisyon sa a se yon rezolisyon ki sitou envite gouvènman yo, sosyete sivil, òganizasyon entènasyonal yo, ONG yo, òganizasyon fanm yo, jèn yo, sektè prive a, medya yo ansanm ak òganizasyon ak tout sistèm Nasyonzini an pou mete fòs ansanm pou fè faskare ak pandemi vyolans sa a ki gaye tout kote nan mond lan kont fanm ak tifi yo.Nou konnen plis kounye a!
Ak tout konpetans sa yo ann lite pou n kwape vyolans sou Fanm ak tifi.
Sanièce Petit phat Fondatris MOFALAK(Mouvman Fanm Lakay ann Aksyon)