Serge Junior A. alyas Tijinyò chèf gan nan Lasalin Ayiti jwenn lanmò li vandredi 25 novanm 2022 a. Tijunior rann dènye souf li aprè li fin resevwa plizyè bal.

Selon sa kèk abitan nan zòn fè konnen se aprè tapaj ki te genyen ant manb gang nan epi Tijnyò pral parèt pou retabli lòd, akolit li yo pral vide bal sou li.

Anpil kout bal chante nan zòn pandan zak sila kote genyen plizyè bandi soti blese ke jounal la poko anmezi pou bay chif.

N ap siyale Tijinyò sa ki t ap dirije Lasalin te genyen non li site nan kad masak Lasalin nan komin Pòtoprens. Tijnyò se manb federasyon gang ki rele G-9 la.

Selon kèk sous pwòch Centre à la UNE genyen gwo divizyon nan kan G-9 anfanmi e alye manyen youn manyen tout akoz asasina Tijinyò a. Jimmy Cherisier alyas Babekyou ta genyen gwo menas sou lavi li aprè asasina Tijinyò a. Patizan Tijinyò ta vle vanje sa ki mete G-9 tèt anba.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841