Polis Nasyonal Ayiti arete Joël Khawly ki se PDG KHAMACO SA. Lapolis fè arestasyon sila nan sware vandredi 25 novanm 2022 a nan Lamandou Jakmèl depatman Sidès.

Selon jounalis Joanel Fraçois ki travay pou radyo Hosanna nan Jakmel, pandan operasyon sila fòs lòd yo sezi plizyè zam gwo kalib. Lapolis te debake dirèkteman lakay PDG Joël, fouye kay li ki nan Lamandou (Jakmèl) nan kad operasyon sila epi tou pwofite metel anba kòd.

Selon yon sous pròch jounal Centre a la UNE, operasyon sila te genyen plizyè inite nan polis la ladanl e fòs lòd yo ta sispèk antreprenè a ta nan aktivite dwòg. Fouy la vin fèt aprè BLTS kise Brigad k ap Lite Kont Trafik Stipefyan te fin genyen enfòmasyon de yon bato ki ta genyen pwodui ki sanble dwòg te vin kochte kò li nan Marigo selon sa jij depè Fritz Palanquet ki te fè konsta a esplike ak nouvelis. Nan fouy la yo jwenn yon zam T-65 ak yon Uzi.

Plizyè temwen ki nan aviwonman kay PDG Joël la rapòte yo te tande bri anpil kout bal nan moman operasyon sila.

Antreprenè a deja nan Gadavi pou tann Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ).

Joël Khawly se pitit ansyen Majistra Jakmèl la, defen Jacques Khawly. Li se youn nan moun ki fè pati klas boujwa a nan peyi Ayiti. Li se yon antreprenè ki enpòte siman pou tout grand sid, li nan vann gaz tou nan sid la epi li trè prezan nan politik Sid la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841