Nan dat 24 novanm 2022 a, Konsèy Nasyonal dè Telekominikasyon (Konatel) délivré yon sètifika pou fim spacex starlink ka pap bay sèvis entènèt pa satelit sou teritwa Ayisyen an.

Kisa Starlink la ye?
Starlink se yon founisè aksè ak entènèt pa satelit nan sosyete SpaceX ki repoze sou yon konstelasyon satelit ki gen plizyè milye satelit telekominikasyon ki plase sou yon òbit tèrèrès ba

PIBLISITE PEYE

Pwoje sila te lanse nan lane 2018 milyadè Elonmusk se prezidan epi direktè jeneral
Plis pase yon dizèn peyi ap jwi sèvis entènèt sila

Nan sètifika omologasyon responsab konatel yo anonse modèl ekipman konpayi a ap ka itilize sou teritwa ayisyen: stasyon tèren, ouzè tèminal ki ap gen ladan antèn woutè wifi ak anpil lòt akseswa

Isit an Ayiti zafè entènèt se yon vre kaskèt chinwa popilasyon an pa sipan plenyen pou sèvis yo
Eske aprè sètifika omologasyon sa popilasyon Ayisyèn nan ap jwen yon solisyon ak pwoblèm entènèt la?

Joseph Samuel GUILLAUME

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841