Jodi samdi 26 novanm 2022 a, jounal ListinDiario rapòte lapolis nan Pòtoriko jwenn epi sezi 133 kilo kokayin nan men (2) Dominiken yo pa site non yo, ki te ap tante pase nan zile a nan kontrebann. Mesye yo te pote kokayin sa a nan yon bato. Pou kounye a yo nan men lapolis pou suit legal yo.

Jan fòs sekirite yo te detaye sa, se pandan ajan yo nan kad Siveyans Maritim nan Pòtoriko t ap fè patwouy, yo te rive entèsepte 2 sitwayen Dominiken ak kilo kokayin yo.

Entèvansyon an te fèt anba sipèvizyon Sèjan Edgar Colon ak ajan José Pérez Nazario, ki te remèt 2 moun yo te arete yo. Ansuit, bato a ak dwòg yo te sezi yo te transfere bay ajan nan Biwo Ladwàn ak Patwouy Fwontyè (CBP) nan Pòtoriko.

N ap note, nan dat 23 novanm 2022 a, Gouvènè Pòtoriko a ki se Pedro Pierluisi, te mande prezidan Etazini an, Joe Biden, pou ba li plis resous nan sousi pou peyi a rive konbat koze antre dwòg la nan zile a, tou suit aprè lanmò yon ajan federal nan echanj kout bal ak kèk trafikan dwòg.

«Mwen mande pi gwo asistans dirèk nan men gouvènman federal la, ki gen ladan plis resous, pou ajan federal nou yo, ki bay tout lavi yo nan sekirite pèp nou an, kapab rive konbat tout bagay ki gen rapò ak trafik dwòg ak vyolans ki lakòz yo».

Selon gouvènè Pedro Pierluisi, nivo vyolans ki egziste nan Pòtoriko a lye direkteman ak pozisyon estratejik zile a, paske li se yon zòn ki byen plase pou kontrebann dwòg ilegal soti nan Amerik Santral, Amerik di Sid, nan lòt zile Karayib yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841