Nan yon nòt PNH la mete deyò 26 nov 2022 a, DG Frantz Elbé di polis la atriste anpil anfas lanmò sibit Direktè akademi an, Rigaud Harrington bandi tire 25 nov nan. DG a voye senpati l bay fanmi an ak polisye yo e bat lestomak li pou di krim nan p ap rete san pini, y ap chache konplis yo.

Tou suit aprè endividi fin tire fasilman Enspektè Divizyonè ak Direktè Akademi Polis Ayisyèn nan, Rigaud Harrington sou wout Frè a zòn Petyonvil, Direktè Jeneral ki la pou yon ti bout tan nan tèt lapolis Ayiti a, Frantz Elbé pataje pèn sila ak fanmi, etidyan epi kolaboratè Enspektè Rigaud.

Direktè Elbé fè konnen nouvèl lanmò sibit Enspektè a touche yo anpil andedan polis la, menm jan li konnen sa boulvèse fanmi ansyen Direktè Akademi polis la, paran li yo, pwòch li yo ak ansanm ak tout polisye yo nan 4 kwen peyi a.

PIBLISITE PEYE

Nan nòt sila a, mouche Elbé di tout peyi a, fanmi ak pwòch viktim nan asasina sa a p ap rete san pini, li bat lestomak li 7 fwa 77 fwa Komisè a ap jwenn jistis. Tout endividi ki gen men yo tranpe nan krim nan, ni sa ki komèt aksyon an, ni sila ki voye fè aksyon an, tout nèt ap tonbe anba sanksyon lajistis. Selon sa li ekri nan nòt la, y ap mobilize ekip pou pèmèt lajistis jwenn konplis yo.

N ap raple, se pa premye fwa genyen wo fonksyonè andedan polis la an Ayiti k ap tonbe anba bal asasen, chèf yo pa janm sispann bay garanti ap gen suivi, men sa tout pèp la toujou konstate epi kritike, se kesyon ankèt yo k ap pouswiv la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841