Mèt Sarah Hélène Georges ki se piti fi Mèt Raynold Georges resevwa yon bal nan ponyèt li pandan li t ap eseye chape anba yon kidnaping sou wout frè Ayiti. Aksyon sila pase lendi 28 novanm 2022 a. Pou kounye a, l ap pran swen lopital.

Selon sa Mèt Raynold Georges fè konnen pitit fi li a ki t ap soti nan akademi polis la ki twouvel sou wout Frè nan Petion Ville te akonpaye de sekirite li plis yon lòt moun ki te nan machin lan ak li.

PIBLISITE PEYE

Sarah resevwa yon bal nan ponyèt e lòt moun ki te akonpayel nan machin nan ki pat gadyenl lan resevwa yon katouch nan do.

Moun sa yo ki blese pa bal la deja nan lopital pou resevwa swen ke yo nesesite.

N ap siyale sa genyen anviwon yon mwa kote Mèt Raynold Georges limenm tou te echape anba yon tantativ kidnaping.