Nan yon rapò Fondasyon Je Klere pibliye lendi 28 novanm 2022 a, yo mande Gouvènman Ariel Henry pou nome 18 sibtiti Komisè gouvèman ak Jij nan 18 jiridiksyon peyi Ayiti ki genyen fòmasyon nan enfraksyon krim finansye nan objektif pou yo ka travay sou lis non moun peyi Kanada Etazini sanksyone yo. Travay sa yo dwe fèt selon lwa 11 novanm 2022 a, ki trete dosye enfraksyon finansye, blanchiman ak finansman teworis.

Òganizasyon FJKL bay pozisyonl nan kèk rekòmandansyon li fè pouvwa anplas la ki repati konsa:

  • Nominasyon 18 sibtiti Komisè Gouvènman ak Jij nan 18 jiridiksyon peyi a pou travay selon lwa 11 novanm 2022 a, ki trete dosye enfraksyon finansye ak finansman teworis.

Piblikasyon deklarasyon patrimwàn tout moun ki nan lis sanksyon yo pou popilasyon an, jounalis espesyalize nan domèn nan ka ede lajistis detekte si pat gen fo deklarasyon ki te ka kontribye nan jistifye lajan sal.

Yon reyinyon konsèy minis yo dwe pran desizyon pou ekate nan eleksyon tout moun ki nan lis sanksyon yo jiskaske limyè fèt.

Chèche nan entènasyonal la antrèd jidisyè pou ede ankèt la byen fèt nan kad dosye sa pou jwenn bon jan enfòmasyon pou yon ankèt serye san fòs kote.

Ranfòse tout enstitisyon nan peyi a k ap batay kont koripsyon ak resous moun ki kredi e kalifye.

N ap raple nan rezolisyon 2656 ki te adopte nan konsèy sekirite Nasyonzini an nan dat 21 oktòb 2022 a te mete yo dakò sou sanksyon sa yo: Jele kont tout moun ki nan finanse gang, trafik dwòg ak zam ak blanchiman lajan.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....