Lapolis Nasyonal Ayiti arete Jerôme Joshua Isaac, Valleus Pierre Venel ak Petit Peter Clivens paske yo jwenn ak zam ki pa legal, plis 2 machin sispèk. Yo fè arestasyon sila yo madi 29 novanm 2022 a, nan Dèlma 33 Ayiti.

Nan kad tchèk fòs lòd yo an Ayiti genyen abitid fè yo, nan Dèlma 33, Brigade k ap lite kont vòlè machin (BLVV) ki se yon antite nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete 3 mesye sa yo.

PIBLISITE PEYE

Paralèlman, lapolis sezi 2 machin sispèk mesye yo te sou yo kote DCPJ ap genyen pou li apwofondi ankèt li. Nan kad dosye sila fòs lòd yo sezi yon Toyota Prado blanch ki genyen plak: AA-56123, yon Toyota Pickup Hillux koulè blanch ki genyen blak: AA-58078, yon pistolè ki genyen mak Clock kalib 40, seri TCZ768 ak 3 chajè.

Pou kounye a, mesye yo twouve yo nan gadavi ap tann suit jidisyè yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841