Didier Pierre, Carlot Pierre ak Charles Jacky anba kòd nan Gonayiv

Alòske Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki se ògan k ap jere kesyon edikasyon an Ayiti, prezante ansanm kritè ki dwe defini pou yon elèv rive patisipe nan egzamen ofisyèl yo, pou ane sa a (9e AF ak NS IV). Sa pa anpeche anpil responsab, Direktè piblik kou non_pinlik nan divès depatman an Ayiti pa sispan n maniganse anpil fwod pou pèmèt kèk elèv rive konpoze, men ki konn gen kèk konsekans pa fwa.

Se konsa, lapolis nan Gonayiv mete anba kòd Direktè Depatmantal adjwen Edikasyon Latibonit la, Didier Pierre, responsab «Budexe» Carlot Pierre ak achivis la Charles Jacky. Arestasyon sa yo fèt madi 29 novanm 2022 a, nan kad ankèt y ap mennen sou fo fich reponsab sa yo te bay elèv ki soti nan plizyè Lekòl ki nan vil Gonayiv ak Machan Desalin, pou yo te patisipe nan egzamen NS IV pou ane akademik 2021-2022 a.

Selon anpil ekspè ki konnen nan domèn devlopman ak evolisyon nan nivo yon sosyete, yo di koripsyon se youn nan pi gwo lènmi ki toujou kanpe an kwa anfas devlopman yon peyi, paske li toujou kraze angrenaj tout sistèm ki ta ka sèvi pou mye oryante sosyete a nan bon direksyon.

Malgre tout sa, Edikasyon ki se youn nan syans ki pi nesesè lòm sèvi anpil kote sou latè pou anpeche koripsyon, imoralite, ilegalite ak tout lòt zak vagabondaj taye banda e menm kote a ki ta dwe pèmèt sosyete a rive ekilibre nan tout sans, sanble pa gen ase pwa pou enpoze ansanm valè li rale dèyè li yo nan sosyete Ayisyèn nan jodi a ankò an 2022.

Se vre lapolis nan Gonayiv rive arete 3 responsab sa yo pou enplikasyon yo nan bay elèv yo fich nan move kondisyon ki se yon zak koripsyon, men pou dezòd ki gen nan sistèm sa a, li evidan 3 grenn moun sa yo pa ka sèvi echantiyon. Konsa, e si MENFP ta pran desizyon pou fè menm travay sila nan tout peyi a, sou tout responsab lekòl yo, piblik kou non piblik ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...