Anviwon 14 moun mouri boule ak divès kay boule, se bilan pwovizwa yon masak bandi nan Sous Matla fè sou abitan yo nan komin Kabarè. Sa pase ayè madi 29 novanm 2022 a. Se pastè Soner Masius ki bay nouvèl la sou radyo Karayib nan emisyon premyè okazyon.

Yon nouvèl Majistra vil la Joseph Jameson Guillaume konfime pou plizyè media ki te kontakte l sou dosye a. Majistra a fè konnen si se pa t dilijans lapolis, yo t ap konte plis kadav toujou.

PIBLISITE PEYE

Pi lwen, li fè konnen aktivite gang yo rann lavi popilasyon konplike chak jou ki jou, paske yo pran kontwòl prèske tout espas ki anviwonnen zòn nan tankou: Kwadèboukè, Kanaran, Titanyen. Plizyè antrepriz ki t ap evolye nan tout zòn sa yo twouve yo andifikilte, nou vle pale de: Asyeri Ayiti, pò lafito pou site sa yo sèlman. Li rapousib pou di se gang vilaj de Dye yo ki poze aksyon sila paske popilasyon an te fè rezistans ak yon chèf gang yo te vin enstale nan zòn nan.

Paralèlman, anbasadè Ayiti a nan Washington peyi Lèzetazini Edmond Bocchit, deklare ayè lendi 29 novanm 2022 a, Ayiti toujou bezwen sipò kominote entènasyonal la pou voye yon fòs Militè an Ayiti, paske kriz la toujou ap boulvèse bil peyi a.

Jan Pwofesè/Istoryen Michel Soukar toujou mansyone sa nan divès entèvansyon, sanble finalman nan jou k ap vini yo, se yon chèf gang k ap gen pou bay sitwayen Ayisyen an yon papye otorizasyon pou li deplase pou sòti nan yon zòn pou ale nan yon lòt, malgre l nan pwòp peyi l.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....