Nan lide pou redinamize polis la ak aplike kèk nouvo estraji, direksyon jeneral polis la deside fè kèk chanjman nan wo kòmandman PNH la. Nan yon nòt pou laprès ki rann piblik mèkredi 30 oktòb 2022 a, yo anonse diferan chanjman sa yo:

Komisè divizyonè Bruce Myrthil, ki te Direktè Depatamantal Nòdwès, vini kounye a Direktè Depatmantal Latibonit.

Alòske, Direktè divizyonè Ralph Dominique ki te Direktè Depatmantal Latibonit rantre nan Direksyon jeneral polis Ayiti a pou yon lòt pòs.

PIBLISITE PEYE

Komisè divizyonè Louis Edner Hyacinthe pran kòmand direksyon depatmantal Nòdwès (DDNO). Komisè prensipal la li menm, komisè divizyonè Orelus Anthously rive enstale madi 29 novanm 2022 a kòm nouvo redponsab awondisman Kwadèboukè e komisè prensipal la, Jean Louis Aladin pran kòmand jiridiksyon Pétion-Ville.

Komisè Exantus Kalerbe se nouvo komisè Jiridiksyon Jakmèl. E komisè prensipal la Roosvelt Charles vini pran tèt komisarya Leyogàn nan.

Malgre chanjman sou chanjman anba kòmand Direktè jeneral Frantz Elbé nan tèt polis la, sa pa anpeche gang yo kontinye ap teworize popilasyon chak jou ki jou.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841