Bandi Savyen yo ogmante nan tèritwa yo, epi kontwole twonson wout Mibalè ponsonde a

Gang Savyen yo nan Tirivyè Latibonit Ayiti, kidnape plizyè machin transpò ant mèkredi 30 rive jedi 1e desanm 2022 a, yo fè vyòl kolektif sou plizyè fanm kite nan machin nan, sezi rad yo epi fòse yo janmbe yon rivyè toutouni pou rantre nan baz yo. Se sa Fritzson ORIUS radyo pyramide rapòte vandredi 2 desanm 2022 a.

Bandi Savyen yo reyalize nan sware mèkredi 30 Novanm pou rive 1er desann 2022 a, yon vyòl kolektif sou yon pakèt fanm ke yo kidnape nan 3 otobis ki fè trajè Gonayiv/Pòtoprens/, Senmak /Pòtoprens, nan zòn Mowo komin Lyankou depatman Latibonit Ayiti.

Aprè mesye yo finn vyole medam sa yo, bandi yo fòse medam yo abandone rad ak kilòt ki te sou yo epi fè yo travèse flèv Latibonit la toutouni pou antre nan baz gran grif la.

PIBLISITE PEYE

Depi byen bonè nan maten, bandi yo te gentan kidnape anviwon 40 moun nan 2 otobis ki fè menm trajè nou sòt site yo, nan menm zòn Mowo a. Bandi yo pran tou yon pickup ki t ap transpòte gaz, yo pote ale tout dwoum gaz ki te nan machin lan epi rantre nan baz Gran Grif ak tout moun ki te nan pickup la. Nan menm okazyon an, bandi yo pran yon Rav4 koulè vèt, yo kite machin lan bò dig larivyè a epi yo travèsè nan baz la ak tout moun ki te nan Rav4 sila.

Bandi yo pati kite atè a nan zòn kote yo tap vyole medam yo, rad, sou vètman medam yo, plizyè matrikil fiskal pasajè yo. Nan kèk pami non moun nou idantifye nan pyès sa yo gen 《 Losier Wilmine, Laurency Nuncia ak Pierre Miche Claude 》.
Bandi yo gen nan men yo tou yon kamyon sitèn ki chaje ak gaz. Plak machin sa se: TP-39562, fich livrezon an fèt sou non Ermerson. Daprè fich livrezon an, gaz la ta prale nan (stop over st Marc).

Depi kèk jou, baz gran Grif tabli baz yo nan zòn Lyankou kote yo opere, epi mennen tout aktivite yo san ankenn rezistans. Pou kounye a, mesye yo pa gen kote pou mete moun ke yo kidnape tèlman moun yo anpil. Gen posibilite pou yo ta ekzekite anpil ladan yo.

Fritzson ORIUS, Pyramide FM.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841