Peyi Kanada kontinye raple ak lòd politisyen ki nan zak malonèt an Ayiti

Nan yon kominike ministè zafè etranjè peyi Kanada mete dèyò 19 novanm 2022 a, Melanie Joly anonse Kanada sanksyone Senatè Rony Célestin, Hervé Fourcand ak depite Gary Bodeau. Kanada jele kont bank yo paske y ap sipòte gang Ayiti, yo nan blanchiman lajan ak trafik dwòg. Politisyen sa yo pa genyen dwa mete pwent pye yo Kanada selon kominike a.

Nan kominike sila, yo fè konnen politisyen sa yo sèvi ak estati yo antanke moun ki genyen kontwòl fonksyon piblik ak pouvwa yo genyen kòm aktyèl oswa ansyen otorite, pou pwoteje ak pèmèt aktivite ilegal gang kriminèl ame yo. Palemantè sa yo nan blanchi lajan dwòg ak lòt zak koripsyon.

Sanksyon yo pral jele tout byen Senatè Ronny Célestin, ansyen Senatè Hervé Fourcand ak ansyen Prezidan chanm Depite a Gary Bodeau te genyen nan peyi Kanada.

Pilwen, kominike a mansyone gang Ayisyen yo elaji pouvwa yo depi aprè peryòd asasina Prezidan Jovenel Moïse la nan lane 2021, malgre Premye Minis Ariel Henry lite anpil pou retabli lòd nan peyi a.

Sanksyon sila yo pran nan kad aplikasyon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini yo te pran nan lide pou mete fen nan rantre zam ilegal ak Blanchi lajan nan peyi Ayiti, kote se gang k ap fè lalwa .

Chak jou, aksyon kriminèl yo ap ogmante pi plis. Malgre Ayiti genyen anbago zam sou li, men sa pa anpeche plis zam antre nan peyi a nan 10 dènye ane sa yo.

3 non aktyèl ak ansyen otorite sa yo vini ralonje lis politisyen kowonpi, ki genyen gwo akizasyon dwòg, blanchiman lajan, sipòte gang peyi Etazini ak Kanada ap tape sou do men. Dènye ka yo se Ansyen Minis Enteryè ak kolektivite tèritoryal la Listz Quitel, Ansyen Minis Jistis la Berto Dorcé, ansyen Senatè Joseph Lambert ak Youri Latortue.

Koripsyon ak enpinite, se kèk pwoblèm k ap wonje peyi Ayiti jouk nan zo depi plizyè lane. Avèk kantite sanksyon sa yo peyi Lèzetazini ak Kanada ap enpoze yo, èske sa ta vle di peyi a pral rale yon souf anba men volim politisyen rat do kale, tout plim tout plimay sa yo k ap taye banda an Ayiti, pandan mas popilasyon Ayisyèn nan pa ka respire ankò anba tout kalte difikilte ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....