Selon yon sous nan Semanah nan rechèch k ap fèt yo pou twouve kèk moun ki te nan 2 bato ki fè kolizyon vandredi 18 novanm 2022 a, nan lanmè a nan Jakmèl depatman Sidès Ayiti, yo rive jwenn kò 3 moun ki mouri. Nan moun ki mouri yo genyen yon ti bebe 9 mwa.

Nan sware vandredi a te genyen 2 bato sa yo ki te frape ansanm ki fè kolizyon: metropole-2 ak Dieu Tout-Puissant. Selon sa abitan zòn nan rakonte 2 bato sa yo t ap pase nan lanmè a nan depatman Sidès peyi Ayiti. Bato metropole-2 a ki fè nofraj asire trajè Marigo Ansapit.

Pandan poko genyen chif pou konnen konbyen moun ki t ap vwayaje nan bato a, rechèch yo toujou ap ranpouswiv pou wè si yo ka kontinye jwenn lòt kò avan otorite yo bay yon bilan definitif sou evenman sila.

N ap siyale nan mwa oktòb 2021 te genyen yon bato ki rele Eklezias ki fè trajè Ansapit ak Marigo ki te fè nofraj te genyen plizyè moun pèdi lavi yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841