Inyon Etidyan Ayisyen (INE Ayiti), bay yon konferans pou laprès jodi vandredi 18 novanm 2022 a, nan lokal Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) la nan Pòtoprens, vè 10h nan maten pou lanse yon apèl ak tout aktè nan peyi a pou kole zepòl pou rive sove Ayiti k ap efondre.

Nan okazyon selebrasyon 219è anivèsè Batay ak Viktwyè a INE Ayiti pwofite mande tout pèp ayisyen an pou onore zansèt nou yo pou gwo sakrifis yo te fè nan dat 18 novanm 1803, lespri Batay Vètyè a dwe rete imòtalize ak renouvèlman nan nanm chak grenn ayisyen ak ayisyèn pou makonnen youn ak lòt san ipokrizi pou fè chenn solidarite pou rive libere Ayiti.

INE Ayiti se yon estrikti etidyan ki regwoupe diferan etidyan ki nan divès fakilte nan inivèsite Leta dAyiti (ILA) ak nan inivèsite prive yo. Etidyan sa yo kole tèt ansanm yon fason pou fikse pozisyon yo sou kris sosyo-politik la k ap dejenere de jou an jou nan peyi Dayiti.

Pilwen, regwoupman etidyan sa yo fè konnen, plizyè batay te anchennen pou mennen nou nan dènye Batay 18 novanm 1803 a ; yon chèn konba ki te fèt nan solidarite nan mitan zansèt nou yo : nan grangou ansanm, manje ansanm, viv ansanm nan yon senp inite, pou te kraze sistèm esklavajis la epi rive konkeri yon zile antye ki t apral pote non Ayiti premye janvye 1804. Yo fè konnen menm sakrifis sa yo dwe fèt ankò pou rann peyi a vivab.

Yon lòt pa yo di chak 18 novanm dwe raple pèp Ayisyen batay zansèt yo, ak Batay Vètyè a ki se yon eritaj libète sou latè pou yo, yon eritaj yo dwe byen gade ak byen jere. Nan sans sa, INE Ayiti lanse yon apèl ak tout jenn fanm, jenn gason nan peyi a kou lòtbo dlo pou mete men nan pat la pou yon dènye gran konba sa, yon fason pou kase chenn dezinyon ki nan lespri chak grenn ayisyen ak ayisyèn.

INE Ayiti fini pou pwofite mande klas politik ki la, pou yo pa rive nan nivo pou yo vann dènye grenn soulye yo paske y ap bezwen l pou konte dènye jou yo, men pou yo konprann yon jeni se yon syèk li genyen. Lè a rive pou jenès la enplike, antre nan espas desizyon yo, pran desten l nan men e mete Ayiti kanpe sou wout devlopman, pawòl Mustapha Mondésir Fils.

Frantzley VALBRUN, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841