La polis nan Mibalè konfime yo arete Cantave Paul Jean Noël (Pipo), yon prezime bandi ki fè pati 2 gwoup ame k ap opere nan Sodo. Lapolis fè arestasyon sila jedi 17 novanm 2022 a. Touye moun, vòlè ak zam, detounen kamyon machandiz se kèk pami zak PNH repwoche Pipo.

Nan rapò sèvis envestigasyon polis la, jounalis Centre à la UNE te fouye je gade revele fòs lòd yo arete Pipo ayè swa jedi 17 oktòb 2022 a vè 10 zè nan aswè, avèk yon pistolè mak Roger 45, P90 ACP, 66056392 ak 7 katouch, yon badj ki make palè lejislatif ak yon pèmi kondwi.

Toujou selon rapò envestigasyon an, lapolis t ap chache byen lontan Pipo pou enplikasyon li nan plizyè zak sal tankou: Touye moun, volè ak zam, detounman kamyon machandiz.

Rapò a fè konnen Jean Paul Cantave Noël alyas Pipo se manb yon group nèg ak zam k ap Opere Kamichèl nan komin Sodo Depatman Sant kote Pipo genyen non li site nan asasina Wallack Georges ke antèman li chante vandredi 18 novanm 2022 a. Toujou menm rapò envestigasyon polis la, Pipo se alye yon 2zyèm gwoup nèg ak zam k ap opere anba mòn Lasèl limit Sodo ak Lachapèl k ap dirije pa Léonel e Marc-Arthur ki se 2 residivis ki espesyalize nan detoune kamyon machandiz ki sòti Elyaspin pou ale nan depatman Latibonit.

Pou moman sa, Pipo retwouve li nan gadavi komisarya vil Mibalè, ap reflechi pou tann santans li devan lajistis sou gwo akizasyon li genyen sou do li.

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841