Bandi Enock ROLL alyas Dad Cool blese mòtèlman, Edison Samdy alyas Zo ak madanm li ki se manm enfliyan gang Vitelòm ak 10 sispèk arete. Se bilan yon operasyon PNH mennen zòn mòn Ogé Jakmèl depatman Sidès, jedi 17 novanm 2022 a. Se komisè Royal Mathurin ki konfime SDPJ jwenn prèv Zo te patisipe nan boule yon blende PNH.

Nan yon operasyon lapolis nan Jakmèl depatman Sidès Ayiti mennen ayè jedi 17 novanm 2022 a nan zòn mòn Ogé, selon enfòmasyon sibtiti komisè gouvèman jiridiksyon an fè konnen, prezime bandi Enock Roll alyas Dad Cool blese mòtèlman pandan lapolis ta pral poze lapat sou li.

Toujou selon komisè gouvèman an, Edison Samdy alyas Zo ki ta manm enfliyan gang Vitelòm ak mandanm li jwenn arestasyon yo nan menm operasyon sila.

SDPJ Jakmèl ki se yon ògàn ki travay kòt a kòt ak DCPJ bò kote pa l, jwenn yon nòt vokal sou telefòn Zo kote l ap esplike se li menm menm ki te mete dife nan youn nan blende polis nasyonal Ayiti a.

Fòs lòd yo entèpele 10 lòt moun yo sispèk ki konplis nan aksyon gang nan sa a yo poze, nan kad menm operasyon sa yo. Komisè a pa revele yo sezi zam ak minisyon plis lòt bagay toujou.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841