Aprè plizyè lane prizon nan kad dosye asasina jounalis Néhémie Joseph la ki te tonbe anba bal bandi jou ki te jedi 10 oktòb 2019 la, Yolette Jeanty Cameau libere mèkredi 16 novanm 2022 a. Lajistis nan Mibalè te arete madan Cameau nan plas yon pitit fi li ki rele Fabiola Cameau kèk moun rapòte ki te nan machin jounalis la pandan zak asasinay sila.

Aprè jounalis Néhémie fin mouri asasinen, divès manifestasyon, sitin, emisyon nan radyo, san bliye rezo sosyal yo ki te limen tou wouj nan kò otorite yo nan pi wo nivo Leta a, sitou o nivo Mibalè, ta pral pouse sila yo rele otorite yo an Ayiti (Mibalè), mennen ankèt pou ta rive jwenn otè zak baba sila.

Se konsa lajistis ta pral arete Yolette Jeanty Cameau, ki se manman Fabiola Cameau yon demwazèl lajistis nan Mibalè di yo gen sètitid ki te nan machin nan ak Néhémie, nan menm moman li ta pral mouri a. Konsa, yo repwoche demwazèl la kòm moun ki ta konplote pou mennen Jounalis la bay yon gwoup bandi san fwa ni lwa ki krible li ak katouch vè 7 tè nan aswè, nan zòn Bayas, nan antre lès vil Mibalè, jou ki te jedi 10 oktòb 2019.

Genyen non anpil gwo bouwo, gran chèf k ap viv nan vil Mibalè, Ench oubyen de lòt konfrè jounalis Néhémie k ap evolye nan kapital peyi Ayiti ki site nan kad asasina sila. Dayè, ansyen komisè gouvènman, Marc Faublas Romulus te deklare ouvètman a 90% li sou pis tout moun ki komèt krim nan, poutan li ta pral revoke tankou yon kout zèklè kèk tan aprè.

Men, nan yon pòs li te fè sou kont «facebook» li nan dat 29 septanm 2019 a 4 trè 10 nan aprè midi, men kisa jounalis Néhémie Joseph te ekri, e n ap site : «Sa w dwe konnen, gen ansyen majistra vil Mibalè a, Elionel CASSEUS ki bezwen vin delege depatmantal nan plato santral, k al rele senatè Rony CÈLÉSTIN ki di l se jounalis Mibalè k ap plede chofe tèt moun yo pran lari a. Pami non li bay senatè a, li di gen Néhémie Joseph, se li ki pi cho, se li ki koz yo boule machin nan ki te boule a.
Senatè a rele kèk chofè nan Beladè, li bay non Néhémie Joseph kòm moun ki kòz tout sa k ap fèt yo.
Gen gwo konplo k ap fèt la a nan Beladè ak kèk chofè pou wè kouman yo ta asasinen Néhémie Joseph.
Mwen deja mete tout moun okouran yè samdi a nan nan emisyon mwen fè a ki se Tambour Vérité. TOUT SA K RIVE M, FANMI M, PWÒCH MWEN, SOU KONT ELIONEL AK SÉNATEUR RONY CÉLÉSTIN.
Néhémie dit plon gaye.

Pi lwen, nan mwa jwen 2022 a, senatè Willot Joseph renouvle menm pawòl Néhémie yo, lè li deklare ouvètman se senatè Rony Celestin ki asasinen jounalis Néhémie Joseph. Sa te menm pouse komisè gouvènman an, M. Gabriel Fleury envite senatè Willot pou vin reponn kesyon lajistis jou ki te lendi 20 jwen 2022 a, pou senatè rakonte lajistis ki kote li jwenn sous deklarasyon li fè a, yon envitasyon, n ap note, Willot Joseph pa t reponn.

Se rezon sa yo menm ak divès lòt toujou ki lakòz anpil moun nan popilasyon an pa sispann kesyone, nan mande poukisa malgre gen yon ansanm prèv ki disponib, lajistis pa pousuiv pis sa yo pito, olye se madan Cameau ki se sèlman manman yon moun lajistis kwè ki konplote pou asasinen jounalis la lajistis arete?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...