Nan yon kominike nasyonzini mete deyò 15 novanm 2022 a, yo fè konnen yo menm ak gouvènman Ayisyen an ap chache 145.6 milyon dola Ameriken pou ede peyi a konbat kolera ak lòt bezwen imanitè yo.
Lajan sila y ap chache a pral sèvi nan kesyon dlo pòtab, ijèn ak asenisman anplis pou ede prèske 50% popilasyon Ayisyèn nan ki ap viv nan ekstrèm povrete.
Ulrika Richardson ki se kòdonatè Imanitè Nasyonzini Ayiti fè konnen nan dènye semèn sa yo kantite moun ki touche pa kolera yo ale rapid. Kòdonatè Ulrika kontinye poul di li swete Leta Ayisyen devlope strateji pou evite plis moun viktim de kolera. Pi lwen li di kolera se yon maladi moun ka evite epitou li ka trete.
OPS bò kote pal fè konnen genyen anviwon 500 mil moun ki riske ratrape kolera an Ayiti. Pandan ONU bò kote pal di genyen anviwon 4.7 milyon Ayisyen ki genyen difikilte pou jwenn yon plat manje chak jou.
Nan dènye rapò Ministè sante piblik Ayiti soti lendi 14 novanm 2022 a genyen anviwon 8 708 ka kolera sispèk, 802 ka konfime ak 161 moun mouri. Toujou selon rapò MSPP a majorite moun ki lopital yo se jèn ki nan votèn yo.
Kolera a reparèt tèt li ak tout fòs Ayiti suit ak grav kriz peyi a ap fè fas ki te vin debouche sou mouvman peyi lòk-2. Alòske depi mwa fevriye 2019 ministè sante piblik pat janm arejistre ka kolera ankò nan peyi a.
N ap raple kolera te parèt tèt li an Ayiti nan mwa oktòb 2010 koz yon group sòlda Nepalè ki te fè pati sòlda nasyonzini yo ki te kantone nan zòn mèy Mibalè depatman sant Ayiti te enfekte rivyè latèm ak kolera a. Epidemi sila te koz anviwon 10 mil moun mouri ak 820 mil lòt enfekte.