Montès Joseph, prezidan Fwon Inifye Transpòtè Travayè Ayisyen yo (FUTRAH) nan yon entèvyou lite akòde ak laprès vandredi 11 Novanm 2022 a fè konnen popilasyon an pral viv plis kriz nan peyi a akoz chèf Gouvènman pa tande kri pèp la ki pa konnen ki sen pou rele ak kesyon monte gaz la nan ponp yo. Prezidan FUTRAH di kondisyon yo pa reyini pou pri gaz la ogmante nan ponp yo akoz sitiyasyon an parèt difisil pou pèp ayisyen an. Li kontinye poul di se gouvènman ki mete ak bandi yo pou te bloke Tèminal vare a ak divès lòt kote ki estoke gaz yo pou mete pèp la nan yon sitiyasyon difisil ki kapab vin tounen yon kriz imanitè pou ke yo kapab fè yo achte gaz la nan pri chè yo fiksel la.

PIBLISITE PEYE

Nimewo en FUTRAH fè konnen Gouvènman Defakto a pa pou kont li nan pran desizyon mafya sa yo kont popilasyon an. Sendikalis la di gouvènman an rive pran desizyon sa yo se nan tèt kole ak sendika kò gwoup ki konpoze Etazini OEA,inyon Ewopeyèn,kanada,Lafrasak rezo mafya yo san konte 5 konpayi prive epi 2 Asosyasyon yo kise ANADIP ak ANAPROS kila pou fè distribisyon gaz la andedan peyi a ki konpoze rezo mafya ak gouvènm an pandanl dil gen gwo dout sou fason nèg yo rive debloke tèminal vare nan yon klendèy e sa montre aklè se nèg yo vrèman kite fè gang ak zam yo bloke gaz la pou yo kapab fè fòtin yo sou do pèp ayisyen an k ap konfwonte yon latriye pwoblèm depi plizyè lane. Nan sans sa, Montès Joseph egzige prese prese Premye Minis Defakto Ariel Henry retounen sou desizyon kriminèl li pran ak tout akolit li yo pou monte gaz la nan peyi dayiti.

Nap fè konnen Sendika travayè yo onivo peyi dayiti anonse yon grèv ilimite nan tout peyia nan jou kap vini yo si gouvènman Defakto a pa tande larezon pou mete pri gaz la nan vrè pri li.

Israël CEDIEU, Centre à UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841