Direksyon Polis Jidisyè Ayiti (DCPJ) mete anba kòd enspektè divizyonè polis Wakin Pierre vandredi 11 novanm 2022 a anba mòn kabrit. Enspektè a arete paske l ap vann katouch ilegal. Yo jwenn nan men misye kat mil (4000) katouch, 3 chajè, 1 zam 9mm ak 931 mil goud. Chèf ki t ap travay nan palè nasyonal la te sou yon machin Sèvis Leta ki imatrikile (SE 00315).

Selon yon piblikasyon PNH fè samdi 12 novanm 2022 a, nan envantè fòs lòd fè, yo rive jwenn kat mil katouch 5.56, plis 41 katouch kalib 9mm, 3 chajè pistolè Glock 9 mm, 2 telefòn pòtab, 1 zam 9 mm modèl Glock 18, seri LML 879. Yo jwenn tou yon kantite lajan ki se 934, 599 goud nan machin enspektè a.

Pou kounya enspektè a nan kadavi pou suit jidisyè yo.

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841