Mèt Ronald Richemond ki se te komisè gouvèman Okay ranplase Mèt Jacques Lafontan nan jiridiksyon Pòtoprens.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Mèt Berto Dorcé mete sou poz Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant vandredi 11 novanm 2022 a pou kòripsyon e tou mete komisè gouvèman Okay la Mèt Ronald Richemond nan pòs la.

Minis Dorcé k ap dirije MJSP la avanse divès rezon sila yo pou jistifye poz komisè Gouvènma Pòtoprens lan Mèt Jacques Lafontant : zak koripsyon, dwèt long, detounman lajan ak abi pouvwa, selon sa ki ekri nan yon korespondans ki adrese a komisè a.

PIBLISITE PEYE

Mèt Jacques Lafontant pa Komisè Gouvènman ankò nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens apati vandredi 11 novanm 2022 sila.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Me Berto Dorcé, revoke chèf pouswit kapital la epi ranplase l pa komisè okay la Mèt Ronald Richmond.

Selon sa ki ekri nan korespondans lan, Minis lan fè konnen li aji sou lòd Premye Minis Ariel Henry aprè plent ki pote kont Komisè Lafontant pou zak koripsyon, dwèt long ak abi otorite.

«Mesye Komisyonè Gouvènman, Premye Minis Ariel Henry te transmèt mwen yon nouvo plent kont ou. Nouvo dosye sa a ajoute nan lis long moun k ap denonse zak kòripsyon, detounman fon ak abi otorite w ap fè nan kapital la».

PIBLISITE PEYE

Nan korespondans sila, Minis Jistis la
kontinye pou li enfòme Mèt Jacques Lafontant ke li te deside mete li sou poz pou gwo fot administratif, daprè atik 188, paragraf 4, dekrè 17 me 2005 la ki gen rapò ak sèvis piblik la.

Minis Jistis la pran desizyon sila nan yon moman peyi Etazini mande gouvènman ayisyen an pou l retire li nan pòs li aprè Washington te koupe viza l, men sa pa anpeche li kontinye rete kòm minis ki pou bay jistis nan peyi a malgre akizasyon dwòg ak koripsyon li genyen sou do li.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....