Plis pase yon dizèn moun mouri mèkredi 9 novanm 2022 a nan komin Tirivyè Latibonit Ayiti nan eskonbrit ant popilasyon sivil la ak gang Savien yo( Baz Gran Grif). Bandi yo mete dife tou nan divès kay nan plizyè katye.

Depi plizyè ane moun k ap viv nan Komin sila ap konnen yon sitiyasyon difisil. Nan sant vil la ak plizyè seksyon kominal tankou premye seksyon ,dezyèm ak senkyènm seksyon pewoden pou nou site sa yo sèlman divès kay boule.

Moun Tirivyè ki toujou renmen leve bonè pou ale vann diri nan mache ponsonde ki fonksyone chak mèkredi ak samdi, moun sa yo ki t ap transpòte machandiz sa yo sou moto akize kòm moun ki vin vann pwodwi agrikòl pou nèg ki nan gang Savyen vòlè sou baz plizyè nan yo soti nan lokalite savyen selon sa machann yo fè konnen .swit ak akizasyon sila yo gang yo retire lavi plizyè manb nan popilasyon sivil la ki te fè enfòmasyon sila yo sikile.

Medam sa yo, ki gen ladan yo ki soti nan lokalite Savien, yo akize kòm moun ki te vin vann pou gang ( Baz Gran Grif) yo vòlè te rakonte e retrase evènman an bzy jounalis Fritzson Orius ki se PFG radyo Pyramide FM, ki nan vil Gonayiv depatman Latibonit.

Kòm repons, manm gang Savien anvayi plizyè lokalite. Yo te tire ak touye omwen sis moun nan zòn Moreau Peigne, Préval, Beaufort ak Jacko. Endividi ame sa yo te boule divès kay epi touye moun.

Plizyè santèn fanmi kouri kite zòn konfli yo Mèkredi 09 novanm nan pou sove po yo Anba men kriminèl yo nan «Baz Gran Grif»ki pa sispann teworize popilasyon an.

Anmenm tan, moun ki rete nan vil Tirivyè ak kèk zón ki pa danse kole ak gang yo bloke baraj ki alimante vale ak dlo pandan twa jou pou pwoteste kont silans otorite poupe twal ki konsène yo devan sitiyasyon sila. Popilasyon an paka sipòte ankò gang Savien kap mete dlo chak jou nan je manman ak papa pitit chak jou nan komin nan, sa lakoz peyizan yo paka travay pou bay madanm ak pitit yo manje.

Blokaj baraj agrikòl sila paralize anpil jaden ki sou anviwon 32 kawo tè nan Fon Latibonit, wouze ak dlo ki soti nan Baraj Cano a.

«Si anyen pa fèt pi vit posib, peyizan yo riske pèdi plantasyon yo men pi mal toujou jaden yo», André Saint-Louis, ki se anplwaye Òganizasyon Devlopman Vale Latibonit la gen gwo kè sote pou janden peyizan yo pa pèdi.

Nap raple se prèske chak kwen nan komin sila ki dirije pa yon ekip nèg ak zam, otorite yo kwaze 2 bra yo ap konstate dega.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841