Chaje zafè peyi Lèzetazini an nan peyi AYITI, Eric Stromayer deklare mèkredi 9 oktòb 2022 a nan emisyon panèl Majik sou radio Majik9, se gouvènman Ayisyen an ki pou pran sanksyon kont minis ki nan pouvwa ki la a, Etazini te koupe viza yo jou pase yo.

Bò kote pa l, Lèzetazini deja sanksyone moun sa yo lè li chwazi koupe viza yo. Sa rete ak gouvènman Ayisyen an pou li ta etidye dosye moun sa yo e pran sanksyon pa li kont yo. Se konsa Eric Stromayer te chwazi reponn kesyon sou dosye Minis nan gouvènman Ariel Henry a ki genyen viza yo revoke.

PIBLISITE PEYE

Selon yon sous pwòch jounal Centre a la UNE, gen posibilite pou 4 minis nan gouvènman an plas la viza yo te koupe yo ta jwenn revokasyon yo pa twò lontan.

Alòske, Senatè Patrice Dumond ekri prezidan Sena a, Senatè Joseph Lambert yon lèt mèkredi 9 novanm 2022 a, pou mande li demisyone kòm prezidan Sena repiblik la, paske Etazini koupe viza li, nan objektif pou Joseph Lambert kapab mete li disponib pou l ale defann tèt li sou ansanm akizasyon tankou : trafik dwòg, blachiman lajan ak finansman gang ki poze sou do li.

PIBLISITE PEYE

Eric Stromayer nan entèvansyon li, fè konnen Lèzetazini sipòte desizyon gouvènman Ariel Henry pran pou re-fikse pri gaz yo ki te yon gwo defisi pou Leta Ayisyen.

Chaje dafè blan meriken an Eric Stromayer pale konsa, se suit ak yon ansanm mezi peyi Lèzetazini te pran kont yon divès sitwayen Ayisyen yo di yo gen prèv ki nan gang osnon k ap sipòte gang, blanchi move lajan tankou nan dwòg, mete demokrasi Ayiti a an danje, anpeche gaz sikile nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841