Gad fontyè dominiken mete anba kòd Millien Midrene Manessa ki gen 30 lane, ki se madan vis delege Awondisman Laskawobas la, Yvanosky Joachim. Arete madi 8 novanm 2022 a, paske li tap transpòte plis pase 22 mil katouch. Mari Midrene di li pa konn anyen nan sa k pase a, li t ap dòmi.

Lapolis lakay vwazen rapòte yo te sispèk machin nan epi yo rapwoche pou verifye, nan verifikasyon sila yo jwenn anviwonman 22 mil katouch, yon santèn biyè lajan dominiken ak plizyè dizèn biyè mil goud, machin sila gen nimewo telefòn vis delege awondisman Laskawobas la, Yvanosky Joachim afiche ladanl.

PIBLISITE PEYE

Selon sa mesye Yvanosky Joachim rakonte: li di li te lakay li t ap dòmi, madanm li te gen pou li ale Bèladè nan bank, gen yon zanmil ki relel mande li kisa machin li genyen li dil li pa konnen paske li t ap dòmi. Se zanmi an ki rapòte li ke li gen pwoblèm, lè li rive nan pòs la li wè minisyon nan katon, jiska prezan li pa konnen anyen. Delege a fè konnen li santi li wont etanke yon chèf pou madanm li ak yon moun k ap travay lakay li nan yon dosye konsa men, kòm yo nan men lajistis li rete pou lajistis fè limyè pou konnen èske se yon sevis yo t ap bay yon moun ou pa.

PIBLISITE PEYE

Yon dosye anpil moun nan peyi Ayiti deja ap kòmante e ap tann lajistis pou bay tout verite ladanl.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841