Peyi Lèzetazini anonse yo prè pou depanse 1 milyon dola pa tèt pou jwenn enfòmasyon ki ka ede yo arete 3 chèf gang sa yo: Wilson Joseph alyas lanmò san jou, ki se chèf gang 400 mawozo, Vitelhomme Inocent chèf gang kraze baryè nan Tòsèl ak nan Taba, Germaine Stephenson alyas Gaspiyay ki te patisipe nan kidnape misyonè Ameriken yo 16 oktòb 2021 an Ayiti. Se Depatman Deta Ameriken ki mete nòt sila deyò lendi 7 novanm 2022 a.

Wilson Joseph (lanmò san jou) genyen 29 lane, Stephenson Jermaine ki nan tèt gan 400 mawozo a te kopere ak Vitelhomme Inocent ki genyen 36 lane ki nan tèt gang kraze Baryè enkilpe nan divès zak «district de Columbia» selon enfòmasyon ministè jistis Amerikèn dispoze.

Gang 400 mawozo a k ap dirije pa lanmò san jou nan Kwadèboukè te revandike klèman kidnaping misyonè blan Ameriken yo te fè nan tèt kole ak Vitelhomme k ap dirije gang kraze baryè nan Tòsèl.

Ministè lajistis Amerikèn kontinye pou raple genyen 2 prezime gang 400 mawozo te deja enkilpe nan divès krim. Joly Germine, alyas Yonyon 30 lane ak Jean Pelice alyas Zo 27 lane. 2 prezime gang sa yo plede yo pa koupab devan lajistis Amerikèn.

Ministè lajistis Amerikèn fè konnen tou yo leve sele kont 4 lòt prezime chèf gang Ayisyen ki akize nan kidnape resòtisan Ameriken yo. Chèf gang prezime sila yo se: Renel Destina alyas Ti Lapli, 40 lane k ap dirije Gran Ravin. Yo t ap egzamine dosye Ti Lapli a akoz yo reproche gang li an ki te akize nan kidnape yon resòtisan Ameriken nan mwa fevrye 2021. Emanuel Salomon alyas Manno, prezime chèf gang vilaj de Dye ki te enkilpe suit ak yon plent penal paskel te genyen non li site nan kidnape yon sitwayen Ameriken nan mwa janvye 2021. 2 prezime chèf gang kokorat san ras tankou: John Peter Fleronvil ak Jean Renald Dolcin te enkilpe paske te genyen plent kont yo sou baz 3 Ameriken ki te viktim nan mwa jiyè 2022. Atit de rapèl, Fleronvil ak plizyè lòt manb gang kokorat san ras la te arete 11 septanm pa lapolis nasyonal Ayiti pandan yo t ap tante sou fwontyè Repiblik Dominikèn.

Depatman deta mete yon nimewo disponib pou tout moun ki ta genyen bon jan enfòmasyon sou 3 prezime chèf gang y ap chache yo. Nimewo a se: +1 305-495-0956

PIBLISITE PEYE

Divès sitwayen k ap suiv nouvo sèn sa a pa sispann mande : Menm jan Ameriken gen abitid vin pran tout moun yo bezwen an Ayiti, poukisa se lajan yo mete atè a pou moun ki kapab ede jwenn 3 pisans chèf gang sa yo, ki pa sispann teyorize popilasyon Ayisyèn nan divès rakwen peyi a sitou nan Pòtoprens ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....