Tèminal vare an rive debloke gras ak negosiyasyon e non operasyon selon Harrison Ernest

Kontrèman  ak afimasyon ki te fè konnen  ke PNH reprann kontwòl tèminal vare an gras ak yon operasyon lapolis ki te fèt… Harrison Ernest demanti efòmasyon sila epi fè  konnen ak jounal CNN ke sa rive fèt gras ak divès negosiyasyon

Otorite ayisyèn yo afime ke yo reprann kontwòl tèminal vare a ke gang yo te kontwole depi plis pase 7 semèn, gras ak yon operasyon pnh te mennen semèn sa, yon nouvèl ke popilasyon an tap tann, akoz ke gaz la se pwodwi tranvèsal kidonk absans li paralize aktivite nan tout peyi an.

Sepandan jounal CNN nan peyi Etazini deklare nan  yon atik  ke tèminal vare an libere,  gras ak divès negosiyasyon ant leta ayisyen ak chef gwoup gang G9 an fanmi e alye an,  Jimmy chérizier alyas Barbecue.

Pandan tan sa lapolis ap frape lestomak yo pou di yo sot mennen yo gwo batay 3 jou ak gang yo pou yo genyen kontwòl vare gras ak materyèl yo te resevwa nan men peyi Kanada. Yon operasyon polis nasyonal pa ka bay bilan pou di konbyen bandi ki arete, konbyen ki blese mòtèlman, ak konbyen zam yo sezi.

DG PNH la Frantz Elbé ki kwè anpil nan kominikasyon te deja soti yon nòt vokal pou konplimante polisye yo li di ki genyen yon gwo batay men li di yo tout bagay pa fini yo dwe kontinye lite pou libere popilasyon an ki konte sou yo.

Negosiyasyon sila yo rive fèt ant 2 pwotagonis yo gras ak Harisson Ernest ki te jwe wòl medyatè ant 2 antite yo. 《Mwen pale ak Barbecue mwen fe l konprann nesesite pou l libere tèminal la, paske timoun yo dwe al lekòl, selon sa doktè Harisson Ernest deklare 》 paralèlman ansyen direktè TNH la ankouraje gouvènman pou l fè tout sa k depann de li pou distribisyon gaz la fèt nan tout peyi an.

Man m pati politik konstwi lavi, doktè epi jounalis, Harisson Ernest fè konnen li gen plis pase 2 semèn depi l tap travay ant gouvènman Ariel Henry an ak chef gang G9 lan Barbecue
Pou tèminal vare an te ka debloke. Sepandan gouvènman an nye egzistans yon negosiyasyon konsa, epi fè konnen se gras ak operasyon PNH te mennen  semèn nan jou kifè sa te rive posib.

Sepandan malgre traktasyon ak manipilasyon opinyon piblik ankenn  konsta poko revele distribisyon gaz la nan ponp a travè peyi an. Nan dènye tan sa yo lapolis pa sispann di li mennen operasyon, li demantle gang pasipala poutan kantite zam sezi ak bandi ki arete ak sa ki mouri se yon kesyon responsab lapolis yo toujou anbarase pou reponn.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841