Peyi Kanada ak Etazini mete tèt yo ansanm pou sanksyone aktyèl prezidan sena Ayisyen Joseph Lambert ak ansyen senatè Youri Latortue

Peyi Kanada ak Etazini deklare yo pran gwo sanksyon kont ansyen senatè Youri Latortue ak aktyèl prezidan sena Ayisyen an Joseph Lambert, vandredi 4 novanm 2022 a. Yo repwoche senatè yo de politisyen Ayisyen k ap pwoteje gang yo e pèmèt sansave yo mache taye banda an Ayiti, anplis de gwo sòm lajan lidè yo ap blanchi nan trafik dwòg.

Yon nòt ki pibliye sou sit ofisyèl depatman trezò ameriken an 4 novanm 2022 a fè konnen, senatè yo sanksyone selon dekrè 14059 ki te pran 15 desanm 2021. Toujou selon trezò ameriken an, Senatè sa yo (sitou Lambert) itilize pouvwa yo genyen pou fè dwòg soti nan peyi Kolonbi pou antre Ayiti.

Nan deklarasyon minis zafè etranjè peyi Kanada a fè sou sikonstans lan, madam Mélanie Joly te trè klè sou pozisyon gouvènman kanadyen an: Nous imposons des sanctions sur des élites politiques haïtiennes qui donnent un soutien financier et opérationnel à des gangs armés. Le Canada ne vas pas rester les bras croisés alors qu’ils terrorisent la population en toute impunité et précipitent une crise humanitaire.

Alòske l ap travay depi plis pase 1/4 de syèk, swa 26 lane pou blan meriken, aktyèl prezidan ti rès sena Ayisyen an Joseph Lambert te fè deklarasyon sila andirèk sou antèn radyo televizyon Karayib, nan yon entèvyou ak jounalis Roberd Céliné (Bob C) nan dat 12 jiyè 2021, pandan emisyon Premye Okazyon.

Poutan, nan yon twit li fè nan menm okazyon an entèdiksyon kont (2) sanatè yo, sekretè peyi Lèzetazini an Anthony Blinken fè konnen, Joseph Lambert pa gen okenn lekitimite pou mete pwent pye li Ozetazini, puiske mouche a nan aktivite ki chaje ak koripsyon ak vyolans flagran dwa moun. Li deklare tou, Lèzetazini ap kontinye pran pou reskonsab tout moun ki angaje yo nan simen latwoublay ak enstabilite kont demokrasi a an Ayiti.

Yo pa t rete endiferan, tou swit aprè deklarasyon peyi Kanada ak Lèzetazini sou 2 palmantè yo, ansyen senatè Youri ekri sou kont twitè li : » Dwòg: M pa janm nan dwòg-Gang: M kont gang-Blanchiman: M pa nan volè, enkli nan kòb Petrocaribe-Ensitasyon fè Vyolans: fo ! Se pa mwen ki fè pwomosyon sa ! Trafik zam ? Chache lòt kote m fè deklarasyon sa a pou fanmi m, zanmi m ak patizan m konnen m pral defann tèt mwen ak lalwa & laverite.«

Pi lwen, ansyen reprezantan depatman Latibonit la fè konnen Etazini ak Kanada sanksyone l akoz pozisyon li genyen sou dosye fòs militè entènasyonal la ki ta dwe antre an Ayiti. Senatè di li estime yo dwe mete an kesyon desizyon peyi sa yo te pran akoz, pou li, responsablite peyi sa yo anpil nan sa k ap rive yo.

Animal politik la li menm tou, Joseph Lambert bò kote pa l deklare li prale pote plent fòmèl kont peyi Kanada ki oze mete non l nan lis moun k ap sipòte gang epi fè trafik dwòg an Ayiti. Selon sa jounalis emisyon Matin Débat ki pase sou radio Eklè rapòte.

N ap raple, jodi vandredi 4 novanm 2022 a vin ogmante de fason fòmèl, lis yon ansanm pèsonalite Ayisyen, ki pa gen aksè pou antre Ozetazini, nou vle pale de: ansyen senatè Moïse Jean-Charles, gang Jimmy Chérisier alyas Barbecue, ansyen senatè Youri Latortue, lòm politik Assad Volcy, aktyèl prezidan ti rès sena Ayiti a Joseph Lambert ak tout madanm li Jesula Domond Lambert. Youn nan sitwayen sa yo gen otorizasyon pou foule sòl peyi Lèzetazini.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...