Ajan imigrasyon amerikèn yo depòte Dahana Théodore ki se madanm Luckson Elan alias( jeneral la) ki se #1 baz gran grif Savien an, ansanm ak tou 2 pitit li yo dimanche 30 oktòb 2022 a, apre anviwon yon lane li te fè ap vin nan rejyon an.

Dahana ki te sòti Mexique rantre etazini, li tap viv Lake Worth, zòn West Palm Beach Florida. Imigrasyon poze lapat sou li pandan li tal resevwa yon mago lajan, Luckson chèf bandi Savien an te voye ba li.
Kòm se pat 1er gwo lajan li tal resevwa nan Western Union, ajan ki tap remèt li kòb la te oblije poze l kesyon sou moun ki voye kòb la ak kisa li pral regle ak pil lajan sa a.

Bandi nan Savyen yo pa sispann touye moun, boule kay, vyole fanm epi dechèpiye manb popilasyon an ki ap mande sekou otorite yo ki.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....