Depatman trezò ameriken tabli sanksyon kont Rony Célestin ak Hervé Fourcand pou trafik dwòg ak koripsyon vandredi 2 desanm 2022 a.

Depatman deta ameriken a travè OFAC ki se 《office of foreign assets control 》tabli sanksyon kont Rony Célestin ak Richard Lénine Hervé Fourcand selon dekrè ( EO 14059 ) ki tabli divès sanksyon ki elijib kont etranje ki enplike nan trafik dwòg ak koripsyon.

Nan demach kominote entènasyonal la, ap mennen pou kwape koripsyon ak trafik dwòg nan mond lan, dènye tan sa yo Ayiti se kote yo sanksyone divès pèsonalite politik pou enplikasyon prezime yo nan trafik dwòg ak koripsyon, se ka aktyèl Sénatè depatman Sant lan Rony Célestin ak ansyen senatè Sid lan, Hervé Fourcand ki tonbe sou sanksyon depatman deta ameriken pou koze trafik dwòg ak koripsyon.

PIBLISITE PEYE

Selon otorite amerikèn yo senatè Rony Célestin gen abitid pratike trafik dwòg ant peyi Venezyela ak Ayiti anplis Etazini ak Bahamas.
Sepandan Hervé Fourcand li menm konn gen abitid itilize avyon prive l nan depatman sid peyi an pou vann dwòg.

Depatman deta ameriken presize ke 2 Senatè yo gen abitid itilize pozisyon politik yo pou pèmet yo aji lib e libè nan sak gen pou wè ak koripsyon epi trafik dwòg.

N ap raple nan lis moun peyi Kanada te sanksyone yo pou menm dosye dwòg ak koripsyon an te genyen ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Ceant, plis aktyèl Senatè depatman Sant lan Rony Celestin ak ansyen senatè depatman Sid lan Hervé Foucand. Sepandan nan lis sanksyon Etazini an, jiska dat se sèlman 2 Senatè preyalableman site yo ki konsène.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841