Lajistis nan vil Mibalè depatman Sant Ayiti arete Thony Moïse ki se Direktè ponp gaz DNC (Blain) ak plizyè ponpis sila yo,Michel Wood Mayard, Sauvenerson St Jean, Zico Brize, Antoine Judeson nan dat 2 desanm 2022 a, paske moun sila yo t ap vann gaz la nan dwoum ak nan galon.

Lwa 20 desanm 1946 la nan peyi Ayiti entèdi moun vann gaz nan veso, ni lòt kote ki pa yon ponp ki la pou vann gaz. Koripsyon an monte tèlman wo an Ayiti, sa pa anpeche sou divès twotwa nan peyi a, osnon nan ponp gaz yo menm, sitwayen pa sispann konstate gaz la k ap vann nan gwo doum ak divès galon.

Pou kòmanse mete lòd nan kantite dezòd sa yo, Sibtiti komisè Gouvènman Jean Thomas Lans ak Jij de Pè Luxon Marcelus arete Mesye Thony Moïse ki se Direktè ponp gaz DNC (ki se tou pwopriyete antreprenè ke moun nan kominote mibalezyèn nan plis konnen sou non Blain) ak plizyè lòt ponpis nou site piwo a, pami yo Black ki se yon moun ki trè koni nan vil la. Lajistis nan vil Mibalè arete moun sa yo ayè vandredi 2 desanm 2022 a, nan aprè midi, paske nan ponp ki twouve l lòtbò Latèm nan, ponpis sa yo t ap vann gaz la nan dwoum ak galon an prezans Direktè a.

Selon plizyè temwayaj jounal la dispoze, gaz sa, kap vann Mibalè a transpòte nan anpil gwo dwoum ak galon, nan sousi pou al re-vann nan plizyè lòt depatman, tankou Nò ak Latibonit. Tout sa rive posib, se gras ak gaz la ki pa sispann vann nan veso, an patikilye nan galon jòn.

Pou plizyè moun ki te nan zòn bò lopital Mibalè a, ki se (CDI) ayè vandredi a, yo te viv yon kalte blokis san parèy ki te genyen, sòti pi wo lopital inivèsitè Mibalè a (HUM) pou rive prèske anfas ansyen tèren foutbòl Mibalè a. Selon temwayaj divès sitwayen, se ta lakòz ponp lan ki pa bay sifizamman machin ak moto gaz ki ta kreye gwo blokis sila.

N ap note, sa fè kèk semèn e menm mwa depi twonson wout Mibalè_ponsonde a vin trè frakante, paske machin Latibonit_Lwès yo oblije pase pa Mibalè, akoz de gang yo ki kontinye ap elaji tèritwa yo epi bloke kategorikman divès zòn, kidonk pou yon sitwayen sòti nan sant vil Pòtoprens pou ale Latibonit, pa mwayen twonson Titanyen_Akayè_Senmak li vinn difisil.

Pou gouvènman anplas la, ki se gouvènman doktè Ariel Henry a, gaz la kontinye distribye nan ponp yo nan tout peyi a depi nan dat samdi 12 novanm 2022 a, jan yo te anonse sa. Alòske, pase nan kèk komin nan depatman Sant tankou: 《 Sodo, Mibalè, Beladè ak Laskawobas 》, galon gaz la ap vann 1000 goud atè nan lari a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841