Konpòtman jwè Iran yo fas ak gouvènman peyi a moutre enplikasyon politik la nan mond foutbòl la

Sa fè kèk tan depi politik esteryè peyi yo, atravè domèn syantifik yo rele jewopolitik la, pa sispann etann li sou prèske tout lòt sektè ki nan aktivite entènasyonal yo, yon politik menm foutbòl la ki avan tout bagay se yon espò ki bon pou lasante, yon jwèt pou moun chase estrès, pran plezi, fè lajan… pa epanye jodi a (2022) anba men gewopolitik peyi yo.

Pandan yo t ap jwe match kont seleksyon anglèz la 22 novanm pase a, okenn nan jwè Iranyen yo pa t chante Im nasyonal peyi a, an siy de pwotestasyon kont movèz gouvènans selon yo menm pouvwa anplas la ap mennen, selon enfòmasyon ki disponib. Alòske, tout sosyete ki respekte tèt yo, konnen byen Im nasyonal yon peyi se yon egregò pou peyi a, ki lye dirèkteman ak kesyon sitwayènte ak nasyonalis.

Se konsa, gouvènman peyi Iran an te vin menase pou li mete fanmi tout jwè seleksyon an nan prizon epi machpinen yo, si jwè yo ta kontinye pa chante Im nasyonal peyi a. Nan match Iran fas USA 29 novanm pase a, plizyè ofisye Iranyen te antre nan peyi Kata pou siveye si jwè yo p ap chante Im nasyonal la. Se sa televizyon CNN rapòte.

PIBLISITE PEYE

Se konsa, nan dat ki te 1e desanm 2022 a, Dwa Zimen nan peyi Iran anonse lapolis nan peyi a asasinen ak bal Iranyen Mehram Samak ki genyen 27 lane, paske li te selebre viktwa seleksyon Etazini an sou pwòp peyi, aprè match ki te opoze 2 peyi yo madi 29 novanm pase a, toujou nan kad koup di mond Qatar, kote USA te bat Iran 1-0.

Anpil moun k ap kòmante sou devwa ak dwa yon sitwayen alega peyi li kwè li parèt trè sispèk, pou yon abitan natif natal yon peyi afiche yon tèl konpòtman kont pwòp tèritwa li a, andepi de libète yon sitwayen genyen pou dakò osnon pa dakò. Paralèlman, anpil lòt moun ap kesyone pou mande : Èske aksyon sila a se pa yon konsekans dirèk de bouch gonfle ki genyen ant peyi Iran ak Lèzetazini ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...