Gilbert Bigio,Reynold Deeb, Sherif Abdallah se non 3 antreprenè Ayisyen sila yo peyi Kanada saksyone lendi 5 desanm 2022 a, paske y ap finanse gang, blanchiman, koripsyon nan peyi Ayiti. nan yon Kominike minis zafè etranje Kanada a , Mélanie Joly mete deyò 5 Dec.2022 a ,selon minis la kont 3 mesye sa yo ki nan elit ekonomik Ayisyèn nan bloke epi yo p ap ka pile tè Kanada.

Kominike a fè konnen 3 manb sektè elit ekonomik sa yo itilize enfliyans yo genyen pou regle aktivite gang kriminèl, koripsyon ak blanchiman.

Pandan gang yo kontinye ap teworize popilasyon an san jamè pini pandan kolera a ap kontinye touye moun. Mélanie Joly ki se Minis zafè etranje Kanada fè konnen sanksyon sila yo vize fè presyon sou moun ki responsab vyolans ak enstabilite Ayiti yo pou yo ka sispann bay lajan ak lòt sipò ak gang.

PIBLISITE PEYE

Pilwen kominike a mansyone Kanada ankouraje tout aktè Ayisyen yo pou pran chemen dyalòg pou retire peyi a nan kriz li plonje a, pou li ka jwenn wout estabilite, lòd ak demokrasi.

Yo fini pou di Kanada pran devan nan enpoze sanksyon yo pou anpeche gang yo kontinye teworize popilasyon an. Yo mande kominote entènasyonal la pou pran menm wout ak yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....