Militè yo, atravè Kapitèn Ibrahim Traoré, entèdi RFI bay nouvèl nan Boukina Faso

Radyo Frans Entènasyonal (RFI) jwenn entèdiksyon san limit epi imedyat, pou li pa kontinye fonksyone nan peyi Boukina Faso apati 3 desanm 2022 a. Se jent militè k ap dirije peyi a ki pran desizyon an, paske yo estime radyo a bay manti epi li te pase mesaj yon teyoris ki t ap fè moun pè.

Radyo Frans Entènasyonal nan Boukina Faso pa sispann entegre sèn politik peyi a byen fon, selon dirijan Boukinabè yo. Depi aprè 2 koudeta ki fèt nan peyi a nan 8 mwa, ki mete sou pouvwa a Kapitèn Ibrahim Traoré nan dat 30 sept 2022 a, RFI pa sispann bay manti sou peyi a, nan objektif pou aneyanti konsiderableman tranzisyon dènye ki fèt la, ki pa nan enterè peyi Lafrans.

Pou ale pi lwen, Radyo Frans Entènasyonal nan peyi Thomas Sankara a rive pèmèt vwa yon gwoup teyoris pase nan kad yon emisyon, kote gang sa yo t ap bay popilasyon an anpil presyon, kòm kwa yo pral mete peyi a tèt anba. Yon konpòtman gouvènman tranzisyon anplas la kondane epi sanksyone.

N ap note, dirijan Malyen yo bò kote pa yo tou, pa wè byen relasyon bilateral ki tabli ant peyi Mali ak Lafrans dènye tan sa yo, yon ansanm dezakò ki pouse pèp la toujou mande pou peyi Lafrans lage pye l definitivman nan Mali, e pèmèt yo pran dwa otodetèminasyon yo. Se konsa, nan dat 31 janvye 2022 ki sot pase la a, jent militè k ap dirije peyi Mali a te deside ekspilse anbasadè Lafrans lan nan peyi a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841