Aprè bandi baz gran grif yo nan Savyen te fin akapare sou komisarya ki nan ponsonde a epi pote ale tout sa yo jwenn sou pasaj yo lendi 5 Desanm 2022 a, nouvo Direktè Depatmantal polis latibonit lan, Komisè divizyonè Brice Myrthil ki te nan tèt yon delegasyon ak plizyè inite espesyalize te rann li nan ba latibonit pou yo te ka al reprann kontwòl sitiyasyon an.

nan yon entèvyou lite akòde ak laprès, nouvo Direktè Depatmantal polis latibonit lan fè konnen, se sou lòd Direktè jeneral Polis la Frantz Elbé ki pèmet li prezan pou pran kontwòl sou komisarya a epi ranfòsel.

Kòmandan Jean Bruce Myrthil fini pou di yo detèmine pou konbat bandi malfwa yo ki pa sispann fè popilasyon ba Latibonit monte lesyèl pado.

Divès manm nan Popilasyon Ponsonde a ki pat konnen ak ki sen pou yo te adrese yo akoz bandi achte divès komin lajan kontan bat bravo ak lakontantman pou prezans Direktè Depatmantal la ak divès lòt inite nan lapolis la ki te vini entèvni . Yo fè konnen se pa sèlman mete inite nan sou komisarya men yo dwe ale konbat bandi sanfwa nilwa sa yo jis nan baz yo yon fason pou yo kapab jwenn yon souf ak yo. Yo kontinye pou di bandi yo lakoz grangou ap sakaje bil yo akoz yo paka mennen aktivite yo tankou fè Jaden, komès ak taksi elatriye.

Nap soulinye, lapolis enpisan fas ak gwo zam fann fwa bandi sanfwa nilwa yo posede pou komèt dezòd nan 4 kwen peyi a sitiyasyon sila lakoz anpil aktivite nan plizyè depatman rive paralize akoz machann yo paka deplase pou al achte pou vin revann.

Israël CEDIEU Gonaïves, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841