Nan 4 pwen prezidan AEA fikse pozisyonl

Pierre Robert Auguste prezizan asosyasyon antreprenè yo nan latibonit (AEA ) nan kad yon rankont ak laprès aprè-midi 7 desanm 2022 a deklare li gen gwo kè kase sou fason gang yo okipe peyi a,sitou nan depatman Latibonit lan, kote bandi baz gran grif yo ki nan savyen okipe komin Lyankou, wout mibalè-Ponsonde ak nan tibwadòm kote gang kokorat san ras yo ap taye banda.

Prezidan AEA fè konnen, li trè preyokipe devan gwo aksyon bandi yo ap komèt nan nan vil Gonayiv nan dènye jou sila yo kote sèten kliyan ki sot fè tranzaksyon nan kèk bank nan site endedanpans lan toujou viktim zak brakaj chak fwa yo sòti labank.

Nimewo-1 AEA Pierre -Robert Auguste swete lapolis kreye yon plan sekirite pou pèmèt sitwayen yo mennen aktivite yo, epi mande ak tout antreprenè yo nan Latibonit mete tèt yo ansanm nan kreye travay pou fasilite sitwayen jwenn travay pou rive redwi to chomaj la nan depatman latibonit lan.

Mèt pierre -Robert Auguste mete aksan sou pon Lenbe a ki kraze ki jiskaprezan poko ranje pou ta pèmèt sikilasyon fèt pou machin yo kapab sikile paske jounen jodi a depatman an genyen yon rate medikaman ak lò pwodwi. Prezidan AEA kwè prezans gang yo nan Latibonit se pou yo kapab kraze pwodwi nasyonal la pou dekapitalize peyizan/plantè yo yon fason pou ka fasilite manje ki soti lotbò yo vann andedan peyi a.

Nan sa ki gen awè a fonksyonnman lopital lapwovidans gonayiv (HPG)Mèt Pierre- Robert Auguste deklare, lopital HPG, li pa referans ankò akoz pasyan yo paka jwenn sèvis, nenpòt ka yo jwenn se nan lopital Senmak yo voye moun yo ale pran swen, nan sans sa prezidan AEA mande ak otorite konsène yo pou pran anchaj lopital la pandanl fè konnen yo menm nan Gonayiv Debou ak nan sosyete sivil la yo prè pou reyabilite lopital HPG a.

Konsènan kriz politik ki pa sispann boulvèse bil pèp ayisyen an, prezidan AEA Pierre Robert Auguste swete aktè politik yo mete tèt Yo ansanm yon fason pou yo jwenn yon antant pou rive rezoud kriz politik la nan mete enterè pèsonel yo sou kote wè pito enterè pèp ayisyen an ki daprè prezidan AEA a pa konnen ak ki Sen popilasyon an dwe adrese pou rive sòti nan sitiyasyon difisil li twouvel jounen Jodi a .

Nap fè konnen Prezidan Asosyasyon Antreprenè yo nan Latibonit kritike agresyon chofè taxi moto yo fè sou plizyè enstitisyon eskolè nan vil Gonayiv nan kòmansman semèn sa. Antreprenè a di lekòl se yon faktè enpòtan nan ekonomi rejyon an epi elèv yo se avni peyi a.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841