Aprè plizyè lòt pèsonalite politik ak ekonomik, Lèzetazini di yo pran sanksyon finansyè kont senatè depatman Sant lan, Rony Celestin plis 4 manb fanmi li ak ansyen Dirèk Ladwàn nan Romel Bell plis yon manm fanmi li vandredi 9 desanm 2022 a, paske tou (2) mesye sa yo byen fon nan koripsyon, selon yon atik Miami Herald mete deyò.

2 mesye sila yo ki sanksyone yo te genyen yon bon bout tan kote yo t ap siveye yo pou zak koripsyon y ap komèt. Romel Bell te nome direktè ladwann nan mwa septanm 2018 pa Prezidan Jovenel Moïse.

PIBLISITE PEYE

Inite k ap lite kont koripsyon an Ayiti ULCC te lanse yon ankèt kont ansyen Direktè Bell paske yo te sispèk li t ap fè zam ilegal rantre nan peyi a. Malgre Bell te voye jete byen lwen akizasyon sila yo sa pat anpeche 20 me 2022 a anplwaye ladwann yo ak administrasyon santral la te bay Direktè a piga poul pat mete pwent pye li nan dwann nan.

Kominote entènasyonal la ta pral fòse gouvèman Ariel Henry a revoke Direktè Bell akoz yo te sispèk li nan trafik dwòg anplis li fè dwann nan pèdi 600 milyon dola Ameriken selon atik Miami Herald la.

Malgre gouvènman Ariel Henry a te konnen tout move zak Direktè Bell konn ap poze nan dwàn nan, se anba gwo presyon kominote entènasyonal la li ta pral mare kè l pou revoke li.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....