Lèzetazini oblije lage yon gwo trafikan zam Ris pou jwenn liberasyon yon basketè li

Aprè anpil demach ak gwo negosiyasyon, peyi Larisi deside libere basketè Ameriken an, Brittney Griner ki te nan prizon pou dwòg 9 novanm pase a. Vis prezidan Etazini an, Kamala Harris salye angajman ak batay prezidan Joe Biden ki pèmèt Ameriken yo mete nan prizon san jistifikasyon, rive libere nan nenpòt peyi yo twouve yo nan mond lan. Grinier libere jedi 8 desanm 2022 a.

Nan divès atik ak brèv ki pibliye suit aprè liberasyon basketè blan meriken an Brittney Griner nan peyi Larisi, anpil foto montre se yon echanj ki fèt ant yon gran machann zam Ris ki rele Viktor Bout ak Grinier. Pou misye pi byen jere biznis zam nan, li enspire de yon fim ki rele « Seyè a lagè ».

PIBLISITE PEYE

Pou menm kesyon vann zam sa a, Viktor Bout te kondane pou 25 lane nan prizon Ozetazini nan lane 2008, aprè yo te fin arete li nan peyi Tayilann. Ebyen, ayè jedi 8 desanm 2022 a, Moskou te fè chwa libere basketè Ameriken an yo te arete 9 novanm 2022 a, se an echanj pou Lèzetazini lage gwo machann zam Ris la.

N ap note, basketè a te kondane 4 dawout 2022 a pou l te pase 9 lane nan prizon, rezon an se paske li te antre ak kanabis nan peyi Larisi, yon enfraksyon gouvènman Ris la kondane nan pi gran rigè.

Tankou jan pwovèb kreyòl yo di li a : « Dèyè mòn nan sanble gen mòn tout bon vre »? « Gwo nèg sanble se leta vre »? An fonksyon de tout rivalite jewopolitik ki egziste ant 2 peyi sa yo, ki moun ki ta ka janm imajine peyi Lèzetazini t ap lage yon gwo trafikan zam Ris ki te kondane pou 25 lane, men ki lage aprè sèlman 14 lane ?

Sérondier LOUISIA.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841